M pa nwi pou m ranpe nòmalman pou m mete w kanpe M pa nwi pou m ret san manje ayay depi vant ou plen Ann redi pou li, ann redi pou li Ann redi pou lanmou nou an baby hmm ann redi pou li M pa nwi pou m mache toutouni baby pou kò w kouvri M pa gen pwoblèm pou m soufri pou w souri Ann redi pou li, ann redi pou li Ann redi pou lanmou nou an baby hmm ann redi pou li Pwomèt mwen avè m wap ye lè moman siksè rive Fò w pwomet mwen avè m wap ye ou pap bay lòt moun triyonfe Pwomèt mwen avè m wap ye lè moman siksè rive Fò w pwomet mwen avè m wap ye ou pap bay lòt moun triyonfe Gen sak ban m gwo gagann sa ki blo m aprann Sa k prezante malè m pou bonè m Gen sa k fè m pèdi tan m jwe ak santiman m Fin pwofite m epi yale M pa ta vle w ban m do lè sa vin chanje Fò w ta garanti m baby Espwa m pa nan dlo si m chwazi fonse pou m swiv lanmou nou Non non non Oh cheri mwen tou m pa geri hm hm Anpil kou baby Ann redi pou li, ann redi pou li Ann redi pou lanmou nou an baby hmm ann redi pou li Pwomèt mwen avè m wap ye lè moman siksè rive Fò w pwomet mwen avè m wap ye ou pap bay lòt moun triyonfe Pwomèt mwen avè m wap ye lè moman siksè rive Fò w pwomet mwen avè m wap ye ou pap bay lòt moun triyonfe K-Dilak Bedjine Chak fwa nou choute nou toujou fè gòl M pa vle pase tout tan m ap naje pou ou Apre pou se mwen k nwaye M pa vle pase tout tan m ap kriye ak ou Apre pou son lòt moun ki jwaye Kou pye bwa ann fleri ansanm Menm si l ta fè nwa ann fè jou ansanm Pou n ka kreye tout sa n te reve tout sa n te reve Fò w ta kenbe m si m ta kibilte si w wè m ta bwete Pa kite m tonbe Oh non baby, baby, baby baby Pa kite m tonbe Oh non baby, baby, baby baby M pa vle pase tout tan m ap naje pou ou Apre pou se mwen k nwaye M pa vle pase tout tan m ap kriye ak ou Apre pou son lòt moun ki jwaye Pwomèt mwen avè m wap ye lè moman siksè rive Fò w pwomet mwen avè m wap ye ou pap bay lòt moun triyonfe Pwomèt mwen avè m wap ye lè moman siksè rive Fò w pwomet mwen avè m wap ye ou pap bay lòt moun triyonfe