Fò'm te rankontre'w pou kè'm te bat fò Se pa dat m'ap mande pouki Bondye pat fè'w Fò'm te player pou w montre'm ke m pat fò Fò'm te gen yon ex pou m konn gen bagay m pap fè'w E fò'm te damou'w pou m wè m potko janm renmen Fò'w te fè'm swiv ou pou m wè m potko janm mennen Ou fè'm reyalize ke ankenn fanm pat janm renmen'm Fò n te viv ansanm pou m wè m potko janm mwen menm Kè m te gen plas pou lòt, ou fè'l vinn piti Ou fè'l vinn sansib, lòt yo te fè'l vinn pi di Ou pat kwè nan tripotay e nan lòt moun ki di Fò'm te Traka pou w te fè'm vinn Dydy E depi w te bò kote'm, m pat ka pa byen Ou te fè'm chante plis lanmou ke Lara Fabian E fò'm te neglije'w pou m wè jan'w chè pou mwen Fò'w pat la ankò pou m wè jan'w fè pou mwen Fò'm te deside kanpe pou m te wè m nan on kous E fò'm t'al goute on lòt fanm pou m te wè jan'w dous Fò'w te tronpe'm pou m te kite w pou m wè se mwen k te pi kon E fò'm t'al pran on lòt pou m wè se ou k te pi bon Men fò sa ta rive pou m te aprann tout moun ka fè erè Relasyon pa janm senp, tolerans ka fè'l meyè Petèt li te fè'm mal, men w te merite padon Moun pa m nan se mwen k pou kreye'l, se nou tout ki pa bon M'aprann M te avè'w, ou twonpe'm, m'al pran on lòt M vinn renmen ak Betty, li twonpe'm, m'al pran on lòt M'al pran Rebecca, li twonpe'm, m'al pran on lòt M tonbe sou Sophie, yo di'm se madan on lòt A la fen m reyalize m'ap tounen an won Sa fè dizan m'ap renmen, m pa janm jwenn yon bon Chak lè'm ouvè kè'm, m resevwa yon plon Yo fini avè'l, yo tout sakrifye'l Si... Chak lè ou renmen ou toujou blese Sonje... Relasyon trè senp, se nou k pou jere'l Si... Ou jwenn yon moun ki vle viv, kenbe men'l Pa kite'l, pa kiteee'l Moun pa w la pa lwen, moun pa w la devan je'w la Dèfwa fò'w ka padone, fèmen je'w sou sa k deranje'w la Ap toujou gen plizye chay, ou pap pot yon sèl Moun pa w la pap janm jan'w vle'l la, li pap sot nan syèl Just aplike prensip la e w'ap wè lavi bèl Tèt ansanm jere relasyon'n, menm lè'l pa finn bèl Koz w'ap toujou kite on moun ki twonpe'w Pou w al rekomanse ak on lòt ki te ak on moun ki te kite'l paske'l pat fidèl M te avè'w, ou twonpe'm, m'al pran on lòt M vinn renmen ak Betty, li twonpe'm, m'al pran on lòt M'al pran Rebecca, li twonpe'm, m'al pran on lòt M tonbe sou Sophie, yo di'm se madan on lòt A la fen m reyalize m'ap tounen an won Sa fè dizan m'ap renmen, m pa janm jwenn yon bon Chak lè'm ouvè kè'm, m resevwa yon plon Yo fini avè'l, yo tout sakrifye'l