Sa Asefi pat konprann vitès ak presipitasyon pa janm antann Gad kounya li pran kabann Pa gen kenn gason ki vin mande l sa l ap vann Asefi wo sefi wo gad kijan lavi w pase Natali wo Tali wo gad ki jan avni w gache Se istwa yon bèl tifi ke yo rele Natali Manman l te rele Asefi li te soti Jeremi Vin pòtoprens pou l chèche lavi Avèk tout fòs li San ke li pat menm ko konnen ki kote l ta pwal dòmi Bon chans pou li l rankontre yon zanmi l te genyen lontan Ke li pat janm wè sa te genyen plis pase menm 15 zan Li rase souf li pou perèz li li te jwen soulajman paske zanmi an te di l l ap pran l lakay li pou nwit lan Pakèt sou tèt men nan men yo tou 2 t ap mache You n ap mande lòt sa w regle kijan lòt moun yo ye Rive nan kay la li chita li mande ti gout dlo M pwal montre w kijan lavi li ta pwal blo A 2 zan daj li kite Natali nan men manman l Ki s on enfim lè l t ap pwale a k te di l pou l pran san l Demen l leve li di zanmi an mèsi m pwale Zanmi an di l m nan kay la poukont mwen pito w rete 6 mwa pase li potko jwenn okenn degaje Zanmi an ap bougonnen akèy la te vin chanje Yon jou maten li deside zanmi an pou l kesyone Kisa w ap fè ki fè tout bagay sa yo w posede Zanmi an repon se sou twotwa mwen al kanpe chak swa Ak 20 dola nenpòt gason k vini mwen pa gen chwa M te vle di w sa Si w vle map entegre w nan metye a Asefi san reflechi di wi se te dènye espwa l Jou ap pase mwa pase Asefi t ap byen bwase Voye lajan jeremi fè bouch fanmi an ka bwase Li deraye mande anraje tout gason se li yo vle Fè enpridans ak lavi l dèfwa tèt li l pa pwoteje 1 an pase 2 zan pase malèz yo te kòmanse Vomisman tèt fè mal lafyèv dèfwa konn mete l kouche Li gen dyare l ap dechose sou li bouton pran pete Kounya lè li al travay yo pa mande l sa li pote Gran san l paka fè ankò Zanmi an vin pa ba l bò Rive menm mete l deyò Asefi sanble ak yon mò Malgre sa l still al travay Li pa jwen poul tou li pa jwenn pay Nan makrèl li dòmi koz li pa gen kay Ak fatig yo l ap batay Yon jou l leve l benyen l met rad sou li pou li al bouske Ouvè pòt la met pye l deyò rapid Asefi tonbe Moun t ap pase kouri pran l mennen l lopital jeneral Pou yo wè si y a ba l swen pou li f on check up jeneral Doktè vini li pran san fè tès pipi san pran tan tcheke sik tcheke tansyon Gad on move sansasyon Poze l kesyon kote paran l pou yo ka ba l rezilta Lè l mande kisa l genyen yo di madam ou gen sida (ou gen sida) Sa Asefi pat konprann Vitès ak presipitasyon pa janm antann Gad kounya li pran kabann Pa gen kenn gason ki vin mande l sa l ap vann Asefi wo sefi wo gad kijan lavi w pase Natali wo Tali wo gad kijan avni w gache