Cheri kase bwa nan zorèy mwen Fè m' santi tout sa m' ta fè w' Met pawòl chita nan fyèl mwen Retire lide anmè Ke fanm ki te nan bouch an m' Ki ret kole nan tèt an m' Fò w' ta fè mwen repran nanm Cheri kase bwa nan zorèy mwen Fè m' santi tout sa m' ta renmen Met pawòl sou mwen Babe si w' gen may Pa ezite ban mwen Gade m' nan je Di m' sa w' pa genyen Mete may, mete may Met pawòl sou mwen Babe si w' gen may Pa ezite ban mwen Gade m' nan je Di m' sa w' pa genyen Mete may, mete may Mwen ta renmen w' Mete w' nan plas mwen Mete w' alèz, bwè 2 vè kleren He babe, he bebe, he bebe Pawòl tafya w'a koule sou mwen Si w' ka fè mwen kwè m' ka vole M'a pran elan mwen mayi gate He babe, he bebe, he bebe Pale pale w' manman, pale pale ouuu Tout sa w'ap bay (tout tout) Nenpòt ki manti l' ta ye (tout tout) Cheri ou met ban m' kenbe l' (tout tout) Fè m' santi m' kiteeee Si w' ka fè mwen kwè m' ka vole M'a pran elan mwen mayi gate He babe, he bebe, he bebe Pale pale w' manman, pale pale ouuu Met pawòl sou mwen Babe si w' gen may Pa ezite ban mwen Gade m' nan je Di m' sa w' pa genyen Mete may, mete may Met pawòl sou mwen Babe si w' gen may Pa ezite ban mwen Gade m' nan je Di m' sa w' pa genyen Mete may, mete may Manman koute, ou gen yon mòd Ou kenbe men m' M' santi w' bezwen m' Ou gen yon mòd ou karese m' Mwen santi w' renmen m' Men may sa, ti bwa sa W'ap kase nan zorèy mwen an M' renmen l' a mò Oh uh oh M' renmen l' a mò Oh uh oh May sou may Cheri pase mwen nan tenten Pa di sa pa di m' anyen Gen jou chasè tounen jibye Gen jou dife boule ponpye Cheri pase mwen nan tenten M' pa di sa pa di m' anyen Lavi a se jou va jou vyen Jodi a se tou pa mwen M'ap ouvè kò m' Kòmsi sa pa t' fè m' anyen Men bagay sa te kraze kè mwen Si m' te ba nou bon story a Nou t'ap wè jan kè m' te fè zenglen Li ban m' blòf sou blòf, blòf sou blòf Pa t' konnen te gen moun fò ke mwen Pou janm bay may nan lari a Pa enkyete nou, mwen peye sa Cheri pase mwen nan tenten Pa di sa pa di m' anyen Gen jou chasè tounen jibye Gen jou dife boule ponpye Cheri pase mwen nan tenten M' pa di sa pa di m' anyen Lavi a se jou va jou vyen Jodi a se tou pa mwen