Sonje tou piti lèzòm te di non non Durkheim pap grandi Lajounen m pat janm vle fini Paske se sè l moman k te kenbe souri m Lannwit te g on lòt sans pou mwen Li pat pote m konsèy se plis kochma Pafwa je m konn fòse fèmen Twòp bagay mwen t ap wè m pat prè pou sa Oh ou ou Anfans mwen pat fasil san ou Oh ou ou Anfans mwen pat fasil san ou Mwen sonje m te poukò m ak yon pè entans Chak swa s on tray sof mwen k te konn santi yon prezans oh, oh m konn sote sou li lè l fin sekwe m pou m leve oh, oh m konn santi zong li sou dra mwen ki ap pase oh, oh pafwa m te vle rele men santi m t ap toufe oh, oh pafwa m te jis ap kriye manmi papi vin vini ede m Oh ou ou Anfans mwen pat fasil san ou Oh ou ou Anfans mwen pat fasil san ou Lord lè w te pran m kou yon ze m te frajil Ou kenbe menm jiskaske m fin abil Enmi m yo kondane a legzil Isiba oh papa wi son papa Lè mwen nan tenèb ou k sèvi m kòm limyè Oh papa yon bon papa Menm si m ap dòmi m pa pè Koz je w toujou rete klè Depi lè w antre nan vi m m pa janm manke anyen Tout sa ki mal yo vle fè ou swete pou mwen Avè w tout ap rete san zefè J’habiterai dans la maison de l’Eternel jusqu’à la fin de mes jours Amen, amen Amen, amen