Ki moun ki pa gen yon dèt Ki moun ki pa gen problem Gen de lè m konn menm jan a kanèm Sa vle di mwen negatif Bagay yo konn pa klè m bezwenn antènn Moman w vle poum pa strese? Madanm nan boudam Timoun nan boudam Tout ap kriye Men lè mwen jwenn on ti moman Mal cheche boul pou met nan on kan Jwe domino Cheke patnem Al lon club al fe gran panpan Problem pap fèm bliye (Problem pap fèm bliye) Bliye viv o (bliye-bliye viv o) Ti kèm paka strese (Ti kèm paka strese) Konnen fòm jwi (mpap strese fòm jwi ooo) Map pran plezi Map jwi lavim Mwen kale kom Map boule kob Tanpri pa nuim M travay tankou tout moun M manje tankou tout moun Lè vant mwen plen M finn bwè M bay blag Cpresa mal twalèt tankou tout moun Kòmanw vle poum pa strese Bill nan dadam Kòmantè nan dadam Moun ap babye M'en lèm jwenn chans jwi moman pam Mal on ti kote bien kalm Fanm mwen la m pran camera Se konsa m pran plezi pam Problem pap fèm bliye (Problem pap fèm bliye) Bliye viv o (bliye-bliye viv o) Ti kèm paka strese (Ti kèm paka strese) Konnen fòm jwi (mpap strese fòm jwi ooo) Map pran plezi Map jwi lavim Map kale kòm Map boule kòb Tanpri pa nuim Map pran plezim Map jwi lavim Map kale kòm Map boule kòb Tanpri pa nuim