Dëna Babe D-Perfect Ankò, dlo nan je mwen koule ankò Menm istwa repete ankò Pwomès ou pa kenbe ankò, òò Ankò, maling nan reblese ankò M pa konn si l'ap geri ankò O! Wi fwa sa se twòp atò Relasyon nou bati nan mansonj M te fè tout vi m ap tann yon chanjman Bon relasyon nou bati nan twonpri M te fè tout vi m ap tann yon chanjman tou Mwen ak bestie nou konnen, nou konnen Tou manti pa fon, tou manti pa fon Mwen ak zanmi m yo konnen, nou konnen Yon mansonj ki dire pa vle di verite Ensanse Ensansib, ou mechan mechan mechan vre (ou mechan) Ou sou kou mwen sou menm (oh, oh) Ensanse (ensanse) Ensansib, ou mechan mechan mechan vre (ou mechan) Ou sou kou mwen sou menm Sa fè lontan m gen kontwòl ou Sa fè lontan n'ap bon sou ou Lè w panse w'ap byen jwe E poutan se nou k'ap jere ou (se nou k'ap jere ou) Sa gen lontan se nou k'ap jwe Lontan chak lè m pa nan men w Lè w panse w'ap byen jwe Poutan pran echèk mat Mwen ak bestie nou konnen, nou konnen Tou manti pa fon, tou manti pa fon Mwen ak zanmi m yo konnen, nou konnen Yon mansonj ki dire pa vle di verite Ensanse Ensansib, ou mechan mechan mechan vre (ou mechan) Ou sou kou mwen sou menm (oh, oh) Ensanse (ensanse) Ensansib, ou mechan mechan mechan vre (ou mechan) Ou sou kou mwen sou menm (oh, oh) Ensanse Ensansib, ou mechan mechan mechan vre (ou mechan) Ou sou kou mwen sou menm (oh, oh) Ensanse (ensanse) Ensansib, ou mechan mechan mechan vre (ou mechan) Ou sou kou mwen sou menm (oh, oh) Si w pa sou fè bagay serye, babay babay Lè pou ta jwe ekspire, baby, ou mèt fay Si w pa sou fè bagay serye, babay babay Tan pou ta jwe ekspire, baby, ou mèt fay Ale, baby, m ale Tan pou m jwe a pase Baby, m ale, m ale M ale, baby, m ale Tan pou m jwe a pase Baby, m ale, m ale