Santiman m fasil pou chanje Kè m sote a chak fwa m atache m Lè m renmen ak tout kè m sa pa dire Toujou gen yon rezon pou fè l diminye Men m chwazi leve pi gwo defi M chwazi ba w lanmou m san mezi Lè se mwen k di l li pi difisil Men lè w bò kote m li pa big deal nah! M pa vle ba w do m M anvi w kole kou tatou sou po m M anvi di ou mèsi ou se kado m Avè w chak moman se lò Si demen m pa renmen w janm renmen jodia ankò Nou ta ka di s on demon k ap seche mezi san nan kò m Oh yeah Wi demen m ka ale lwen lwen Non pa inkyete w baby m ap la Pou pi lontan ke posib pou sa Pou sa kè m louvri pou ou pou ou Men m chwazi leve pi gwo defi M chwazi baw lanmou m san mezi Lè se mwen k dil li pi difisil Men lè w bo kote m li pa big deal Ou gon jan w gade mwen M sèmante w boulvèse mwen M sezi wè jan w atire m San fè efò là M renmen jan w ap bouge kò w la Si demen m pa renmen w janm renmen jodia ankò Nou ta ka di son demon k ap seche mezi san nan kò m Oh yeah Oui demen m ka ale lwen lwen Si jamè m tap mouri tout a lè M t ap ka pwomèt m ap renmen w a jamè M ta renmen w a jamè! Si jamè yon lòt ta wè nan mwen sa w wè nan mwen yo Si jamè m ale trò bonè si jamè m kraze kè w M pa vle w doute sou kisa w ye nan je m nan moman sa M pa vle w doute sou tout valè m ba ou nan moman sa M ap offri ou pi bèl eksperyans ou M ap fèw wè imaj mwen menm nan rèv ou M ap ofri ou lanmou, m ap fèw goute myèl M ap fèw we jan li dou, m ap fèw touche syèl Nan moman sa Oh yeah Oui demen m ka ale lwen Si demen m pa renmen w janm renmen w jodia ankò Nou ta ka di s on demon kap seche mezi san nan kò'm Oh yeah Oui demen m ka ale loin