Se ou pou m mande Kisaw fe ki fè'm ret ave'w Malgre tout saw fè'm Tout sa m santi se pou m ta prèw Pou janw pase m lòd Tankou timoun ki ret ave'w M vle lage cha Men gon pati nan mwen k pap fèl Menm konnen ka sispan plere M fè efò pou m ka sa'w vle'm ye M bawou rezon pou'w ta trete'm mieux Ou son moun ki dròl m pap ka chanje w vre Relasyon'n sou dom, m potel k'on bébé Ou di w pa vle fè'm mal pandan ou plede Fè m santi'm enferyè ak ou nan kèm g'on twou Ave'w m pap janm ere Kite m ale eeee byen lwen Kote yap pranm a de bwa ouvè Yap fè m santi'm enpòtan Em konen si m ale M'ap ret selibatè pou yon tan M pap vle yo trete'm nenpot jan Koman fè on jou pa pase depi w libere M gentan jwen dix mil lòt moun Monte sou do pye'm M pito bay vi'm ak letènèl Pase se ou ki pou akonpanye'm Kilè wap suspan vann moun yo manti sou rezo Deye pòt la se pa janm konsa l ye vre Sa pa gade'm si san mwen wap mal pase M oblije san pitye Gade'm gentan jwen yon milya moun ki renmen mwen M gentan jwen yon lòt route, m'ap jwe pye mwen Kitemele m si san mwen wap mal pase M oblije san pitye M oblije met tèt mwen an premye Konnen se pa ou l te janm ye E mwen l ye, se mwen yo Rele Danola Wap maltrete'm Men lanmou bouche je'm Èske w pa wè jan m'ap kriye Li lè pou m kite'w, pou jan nou te ye Mwen pap dakò w derespekte'm Kite m ale e byen lwen Kote yap pranm a de bwa ouvè Yap fè m santi'm enpòtan Em konen si m ale M'ap ret selibatè pou yon tan M pap vle yo trete'm nenpot jan