M jwenn vi nan zantray youn, m wè bonè m nan je youn Pou temwanye n respè m rape tèks sa ajenou Se pou bote site yo, sa n wè kou prensès e rèn K ap met lòd nan lavi n, repare chak erè n Manman n k ap fè tèt a Tribilasyon tout on fanmi pou swen, yo pote n sou do n p ap di yo n pile teta Madanm ou konnen lanmou w presye Men n grandi ak vid afektif padone n si n pa rive apresye l Tisè m pou machin nan mache se ou k motèl Pa kwè yo lè yo di ou plas ou se nan kuizin ak chanm otèl Leve cecilia, fòk tchovi, yo viv, pran ti komès ou, mare senti ou desann nan faktori P ap fè back menm douvan kout baton meri Sou po ou pote fyète ou tankou neri Lonè ou ak bonte ou fè bote ou fuck makiyaj Mwen m twò wil, kite m rape byen fò woman is life Yon flè k pouse kote pousyè leve W bay lavi pandan souf ou ap bout W bouske kote nou pa t imajine Pou tyovi yo, ou se lavi Zepin yo kontinye bay vi menm lè woz yo fane Kè n on tanp sakre ego mal nou pwofane Mizè a pran lanmou n pou nou l transfòme l an èn Mwen m eseye refè l ak mizik pran sentaniz transfòme l an rèn Devan sakrifis nou m wete chapo m M wè fanm ki pran twotwa pou bay pitit yo chato Lanmou n pa gen pri, ak lavi m wè n twoke kòn M wè lè n bay kè nou yo pran kò n Fanm gen doulè ou nan kouplè m yo Dousè pa gen egal ou bèl jan ou ye a pa chanje koulè po w M se pitit sa yo rele fanm djanm yo Tifrè valè sè n yo se nan kè yo pa nan fant janm yo Pou soulaje pèn nou on mizik p ap sifi Nou sèl konn sa n viktim, nou sèl konn sa n sibi M koube m douvan kouraj nou, soufri men n pa di way Kite m rape byen fò, woman is life Estè, jupilie, julie, milèn, iya, gimat, anisya, natali, irani, jizèl, olive, adasa Yann, ema, tafa, vero, tati tonm, madan ti chofè, mami, aby, ruth, derlie, sè rene 13, marie jose mele, marie lynne, yves rose Nou se lavi, nou bay lavi Woman is life, woman is life