Fini rap pou snap back, fini rap pou swag Fini pussy kap kenbe mic kou boutlèg Fini nèg kap diss on frè l pou l grenpe Now it's Time To Rap, Powèt ak gran P Twòp nèg ranni nan mic sou konn bèt ki nan savann Apre yo gen kouraj monte radyo ap mache di sa vann Twòp nèg vann nanm lè pwoblèm kòb te bare kafou l Twòp nèg trayi pozisyon, twòp lidè pami lafoul (Ah, ah) di m kiyès ki koupab Depi lè nèg pa bay hip hop bourad, yap bay bouda Met fen nan sa Isit pa gen Grammy donk nèg ap rap pou viza kòm si dyaspora s on fen an swa Twòp tijèn diss ansyen, twòp ansyen sousou tijèn King, bitch, swag sèl sak sijè n? Stop it. We get no time to lose Fuck sa kap di rap te miyò avan No school rules It's time to rap (hey) Ou mèt di yo sa se tan pwezi Se lè pou n montre Jay Z n ka gen rapè tankou BlayZ It's time to rap Se moman pou n bay rap dan dan nèt Met ansanm pou n ka refòme tanp dè granmèt It's time to rap Powèt Revòlte pran pozisyon real niggas pran minisyon di yo nou gen misyon Fini nèg ki panse pou pran mic kèk tatou, ba l atou Dèyè plim nan pa gen thug gen powèt mande Tupac Shakur M deklare n gè, donk m prè pou m pran bal la tou M pa responsab sa ou konprann, m responsab sa m spit M wè twòp wack vle fè gangsta rap ak vwa Sam Smith Chak it ban m degou, fat beat pou tèks vid Pa gen valè, nèg sakrifye diyite pou kèk feat Pou kèk fi k vle sèvo yo donnen, ak knowledge pou wouze l Prensès ou dwe gen on bit pou boule pa pou souse Nèg yo fo, yo gangsta san fè lari On banm chofè moto k fèw kwè y ap woule an Ferrari MC talan an se pa nan rad yo l ye Di animatè a tou hip hop se pa nan radyo l ye Pou m reprann on MC, rap pa fèt san pozisyon Menm si yo pran jew, pa kite yo pran vizyon w It's time to rap (hey) Ou mèt di yo sa se tan pwezi Se lè pou n montre Jay Z n ka gen rapè tankou BlayZ It's time to rap Se moman pou n bay rap dan dan nèt Met ansanm pou n ka refòme tanp dè granmèt It's time to rap Powèt Revòlte pran pozisyon real niggas pran minisyon di yo nou gen misyon Li lè pou n lige, mwens teknik plis lide jwenn idantite sispann kite loksidan gide Rapè ou son icône, tifrè yo kontan lè yo konn verse ou Pandan l pye atè pa fè l rap pou converse ou Rap reyalite l dfann dwa l yap vyole Pou liw dwe wè pi lwen ke Antoine nan gomye Angaje w, se pa vann disk fè atis dèyè on mic Nan booth kou nan lari rap pa fèt san batay (Ah ah) Ou pa dwe on maryonèt politik Pa kite sistèm nan fè ou detwi frèw pou pwofi li Pa Touye valè w, pou leve karyè M pa mande w pou rapè konsyan men kou Kent pran konsyans ke w rapè Ou pa dwe endiferan Pa etenn li rann piwomàn menm jan ak met dife an Mwen sak preyokipe on jenès kap benyen nan medyokrite Mpito boule mikwo m nan tan mkite se yo k gide m