Padon si m desevwa ou, poze kèk zak ki pa nan gou w Pa bliye kouraj mwen egal ak lachte m, m son moun tankou w Ak on kote frajil ke m rape Pa pran m pou sen, emosyon m mennen m so a nenpòt ki moman m ka derape Pa pran m pou modèl, sa twò lou pou zepòl mwen Pa pran m pou prof, m pa gen lejitimite pou m fè lekòl menn M pa on gran, m jis ap aprann grandi M pa on ewo, rap ak Esther k sove m, m te ka bandi Pa pran m pou gid, dayè m pa menm konn chimen an M riske plonje nan vid pou sa m pè pou pa suiv mwen an M pa menm ka lave peche m yo, di m ki leson m ka dikte ou Di ou pa touche dwòg la pandan m on ansyen adikte Pa di m move mesaje konn pot bon mesaj E si yo ban m on kalòt konbyen nan nou k ap swete m ret saj Li sifi on sèl betiz pou tout karyè m pase pou anak Bref.. Kenbe diyite m se konba a, menm jan ak Nakk M se on moun tankou ou, ni pi mal ni meyè Milye folowèz mwen yo pa fè m santi m siperyè Tankou ou m konn tonbe e se mizik la ki pare m M se on moun tankou, se jis on sèn ki separe n Sa ka rive’m enflyanse’w menm pa ewo m se yon moun tankou’w M jous rape lavi’m ki sanble a pa’w petèt Nou wè’n nan mwen men se pa on rezon sa ka rive’m nan gou’w Ou style mwen, jan’m rap ce bien, m selman pa vle’n regrèt Nou pa konn ki pwa’n met sou do’m lè’m konnen’n la Ap swiv mwen, lé’m konnen’m ret nan lespri’n fè’m konnen m wa Nou pa konn ki lit map fè chak jou jous pa kontredi’m Viv pou Nou, fè sa’m di souvan e pa sa’m te konte di M vle’n ret kwè a nenpòt kel moman m ka déçu‘n Nou se l’homme nou gen bon ak vye kote donc par mesure De precaution m fè’n konn sa m pwouve onètete’m tou Men se pa pou nenpòt erè pou’n ta chwazi jete’m tou Mesi pou lanmou’n m te di’n map batay pou kenbe Pou konsèy yo map kontinye naje tou pou’m pa plonje Menm pa pwomèt anyen m gen responsabilité Ki ka pouse’m men map fè gwo efò pou’m pa tonbe M se on moun tankou ou, ni pi mal ni meyè Milye folowèz mwen yo pa fè m santi m siperyè Tankou ou m konn tonbe e se mizik la ki pare m M se on moun tankou, se jis on sèn ki separe n