San nou mizik mwen pa itil Pa gen pi gwo sakrifis ke sa, nou etenn tèt nou pou m te ka vizib Nou te sèvi m syèl lè kou zetwal m te vle briye Nou te wè m nan gè a nou te sèvi m boukliye M te vle woule nan kas nou, men m ateri nan kè n Rèv ak plim on siksè gras ak nou, sa mpap janm bliye l Se pou tout sa k te kwè nan mwen frè yo pa anpil Tout sa k te touye rèv yo pou pa m te ka pran vi Pou tout sa k te di m wi ou kapab Lord ki te koute premye rim mwen ki te di m wi ou ka rap Se pou Ed ki te di m yo ann al make tan n Causa Nostra, ERITAJ la m ap ret tann Se pou LaGNess, m grandi gras ak kèk konsèy Pou Castro, ki te ba freestyle mwen yo anbyans konsè Nou enspire m Evazyon gen sak di m ap detwi vi m Pandan mizik sove m, frè m m ap viv pasyon m Filip ka temwanye Auto-Psy M te pati pou m te mouri san m pot ko viv Se mizè k enspire m frè m se pa bòz Pase kèk nuit blanch pou rès jou manman m yo ka wòz Se pou yon ewo ki nan syèl espere l jwenn mesaj yo Di m l ap tounen se lè l fin konte tout zetwal yo Di l m kenbe tout sa m pwomèt Pitit tig se tig, malgre mizè a m pa t janm malonèt Rap kèk verite Se pou antouraj mwen Règleman, 35 Zile sak makònen n se lide Se pou tout aderan, nou ban m plis pase m ban n Ofinal genlè se mwen ki aderan n Doulè nou menm, batay nou menm Nou pa konn kouman m santi m #Envensib lè n kenbe menm Pou di n mèsi on mòso pa sifi San nou mizik mwen pa itil