Nan kouri dèyè rèv mwen, m bliye reyalite m Nan kouri dèyè vi lari m bliye kote m te abite Panse viv nenpòt jan te ka fè m bliye sousi m Man ke syèl la pwoteje m pou w pa wè m k ap mouri Kè m brize, M ap chache on epòl pou apiye m Se tout dlo kòm ki sèch e pa mwen k sispann kriye Konstui D-Fi ou detui Rhod m pa konn sa m pi krent Priye pou m pa pèdi chimen m, vi atis se on labirent Souvni yo ap ante m, m bliye bliye Rap louvri je m, m aprann batay M bliye pliye m M pa bliye prensip mwen yo, te di m: Pa gen valè si pa gen vis Papa pa gen plezi si pa gen risk M bliye si ou atis se lè ou lib, M ret prizonye Coach Carter pou ede lòt klere m bliye briye M koute plenyen yo Echèk mwen se p ap mouri pòv ou pa fè hit Men desevwa moun m renmen yo M ap chache lapè m, ego m maltrete m Malad rap, yo te di m se on album k ap trete m M peye menm pou sa m pa t prete M bay tout mwen menm, o final di m kisa k ap rete m M ap chache lapè m, ego m maltrete m Malad rap, yo te di m se on album k ap trete m M peye menm pou sa m pa t prete M bay tout mwen menm, o final di m kisa k ap rete m Se vre m vin gen fàn, men m pa bliye zanmi m Se vre m vin gen zam, men m pa bliye pran plim M pa bliye nou egal, menm si m gen sèn Atis sensè, m pa gen gwoupi, m gen frè m gen sè M satisfè e menm si m pa rantre kòb M pa bliye gen nèg ki fè djòb sal pou m te ka vanse pwòp Lapinòk, ou pa konn sa ou ye pou mwen M pa konn si ou ap mouri pou mwen men m konnen ou ap touye pou mwen Nou ban m sa m pa merite M pito sowo nan Lajenès ke siwòk nan kare V.I. p Pa pran m pou vedèt menm si ou wè m sou tele M ap konnen ou se on vrè si avan D-FI ou te konn Zoe-Tele M pa chanje, petèt lòt fèy men menm rasin Vanse san rankin men m p ap bliye Matin M koute plenyen yo Pi gwo desepsyon m antan k atis se pase pou atis nan je moun m renmen yo M ap chache lapè m, ego m maltrete m Malad rap, yo te di m se on album k ap trete m M peye menm pou sa m pa t prete M bay tout mwen menm, o final di m kisa k ap rete m M ap chache lapè m, ego m maltrete m Malad rap, yo te di m se on album k ap trete m M peye menm pou sa m pa t prete M bay tout mwen menm, o final di m kisa k ap rete m M gen anpil pou m ratrape M ka bliye sa k te pouse m nan rap men m pa bliye pouki m t ap rape Jay Z di m street is watching Reyisi pou yo fòk m gen viza, bout swag woule machin Sòt yo kontre ak lespri m Yo pa t janm kwè si on jou rap mizik t ap ban m estim Men m pèdi feeling, la raz M bliye download beat sou YouTube depi lè m gen Filip ak Kaz E yo te di m, bay tout ou menm, menm si yo p ap resevwa w Reziste, ou ap mouri jou w bese vwa w E m te batay, m pa t bliye lige Sa m pèdi yo gen plis valè ke sa m genyen yo m p ap bliye Zile Se pa on vi se on konba, Powèt Revòlte Koz la nòb simen lanmou, menm si se èn nou rekòlte M koute plenyen yo Feblès mwen nan batay se pa grangou, ni krent lanmò, men moun m renmen yo M ap chache lapè m, ego m maltrete m Malad rap, yo te di m se on album k ap trete m M peye menm pou sa m pa t prete M bay tout mwen menm, o final di m kisa k ap rete m M ap chache lapè m, ego m maltrete m Malad rap, yo te di m se on album k ap trete m M peye menm pou sa m pa t prete M bay tout mwen menm, o final di m kisa k ap rete m