Tout sa k vini dwe ale, anyen pa etènèl Pran tan ou pou kontanple vi a, pa redui l a entènèt Nou pataje vrè emosyon, gen lenpresyon m t ap rap sou brikè ou E kòm zetwal la ap etenn, ou menm limen flach brikè ou Se pou mwen avan tou men konbyen lòt ki t ap fè pwofi Mesaj pou sa k ap vini yo, ou ka konstui karyè ou san fè gwo feat M toujou mache solo, menm si gen kèk frè k tap pote m Akwoche m ak rasin mwen ki fè van tanpèt pa t ka bwote m Pyano an tris, se reflè nanm mwen M pati pou on dènye dans ak rap, vin pran menm Plonje nan pase m, kenzan an aryè Ti revè fè gran rèv, gran rèv fè gran karyè M pouse nan tè sèk, san on gout dlo pou wouze m san angrè M pa gen tèt on rookie ankò, kounya anpil ap rele m gran frè M sispann rap kè brize, m ap pwoteje dènye lanmou m Se pa mwen k pa t vle goute vi a, se vi a k pa t nan gou Ann fè on klasik, Filip ajoute on ti vyolon Se kwonik on tinèg ki t ap rape lanmou l ak mo vyolan On enkonpri, on nanm boulvèse Pou apeze m konbyen rim, konbyen lank ki pou vèse Remèd pa nan dwòg Se pa met tout bagay nan lòd pou jwenn lapè men jwenn lapè tout bagay ap rantre nan lòd Tout sa k vini dwe ale, tout sa k monte dwe desann Men n ka ret imòtèl, randevou 24 desanm