Sampling (patrick bruel - qui a le droit?) Sampling (patrick bruel - qui a le droit?) On m'avait dit: Te pose pas trop d'questions Tu sais petit, c'est la vie qui t' répond Rhod, ou twò piti pou konprann Souvan lavi teste ou sou leson ou pa t janm aprann Se pa tout sa ou voye ale ki vin jwenn ou Ou ap renmen, y ap rayi w Pami zanmi ou yo, gen sa k pral trayi w Rhod gen moun ou ap fè mal, pa enkyete ou, sa rive menm gandhi Ou ap fè erè, dayè se konsa ou grandi Ou pa kreten, ou jis gen move pwòf Jije on pwason sou kapasite l pou l monte pye bwa ka fè l fè vi l ap panse l sòt Mache pye atè pou 2 pye ou pa pran nan on grenn soulye Depi ou nan fouwo ou, yo p ap wè si pwent ou wouye Pa bliye lwayote lajenès, solidè menm nan mizè On chimè, p ap vle w manyen zam, l ap di ou Li vle ou atis, li pa vle w chimè Nan mizik ou ap jwenn chimen ou, ou ap fòse desten ou Ou a mande estè padon, nou tout paka medsen Ou ap konprann lavi devan lanmò papa ou Separasyon k pi brital yo fèt san di babay Sampling (patrick bruel - qui a le droit?) Sampling (patrick bruel - qui a le droit?) On m'avait dit: Te pose pas trop d'questions Tu sais petit, c'est la vie qui t' répond Pa gen bondye sou latè, pa koute doc la Menm si se pou wete angwas ou, pa touche dwòg la Ou pa konn doulè on souri ka kache Pa jije, menm sa k touye tèt li, se bonè l l ap chache Men anyen pa bloke lanmou, menm lanmò Ou ap brize jodi a, demen ou ap renmen ankò Rhod, powèt yo pa nòmal Akwo a melankoli ou, ou ap santi ou byen lè w mal Desepsyon sou desepsyon Rhod pa al wè psi a, malere pa konnen sa k rele depresyon Ou ka konte sou dwèt ou nuit ki pa tris yo Leve chak fwa ou tonbe tatouwe viktwa ou yo sou sikatris yo Rhod pa pè mouri pou lide ou Se pa sa yo fè de ou, men se kisa ou fè de sa yo fè de ou Rhod bonè a s on chwa Menm si kou powèt la fòk m avwe: Le blues a son charme Sampling (patrick bruel - qui a le droit?) Sampling (patrick bruel - qui a le droit?) On m'avait dit: Te pose pas trop d'questions Tu sais petit, c'est la vie qui t' répond