Powèt donk fou Mil pwoblèm vie de bohème pa mande m pouki m santi m pou kò m nan on foul Nuit san somèy m twoke chanm mwen pou on booth M grandi ak Eminem, m stil ap kriye pou yon Proof M ap desine on nuit plen etwal kòmsi m te Van Gogh Pou m sot la m ap vann pwezi men gen frè m k ap vann dròg Jouk li rive kwè ke paradi l se geto l Tifrè wè m kou ewo l m oblije chanje wol Menm si yo p ap tann m pale de krim pou yo komèt Siksè efemè m pa wè star que des comètes E si konesans se zam e si mo Touye tankou bal ben m se stil GetoYout kap efreye simo Ret frè m anchene nan on geto mantal Ret flè m sou lestomak mwen apre chak lirik m vomi Avan konsyans mwen pran bal Mvin brize tout chenn I make music for my people, ou ka rele m Kool Shen M s on Powèt evade Vie de bohème m ap desine on nuit etwale M kite lank koule chak lè kè m vle pale Geto a ap koule mwen m ap reve je kale M soti lwen m gen on rèv ak on plim M vin make tanm ak on rèv ak on plim Pati san anyen menm m gen rèv ak on plim M vin make tan m ak on rèv ak on plim Revè donk fou On gèrye ak on diksyonè ki tounen on Vizyonè poutan orizon m flou M fèmen je pou m ouvè syèl Met tout doulè nan on plim met vi m an rim pou fèl bèl Pou tan m pèdi pa ratrape m map met mont mwen sou lè Map rape malgre fwa m m poko ka mache sou lè M trayi street pou sèn, bouke bwè pousyèl M vle briye kou etwal donk map chache wout syèl (Mwen) Pou m vole, Rap mizik ban m zèl M twò hip hop mwen s on eritye manmzèl M grandi ak Vi Nèg nan on kask, gad vi nèg an fas Kouri dèyè libète m s on pwason ki fèt nan nas Plim mwen kriye a chak fwa kè m pran kou Ou ka leve nan on geto men pa kite youn leve nan ou Donk menm si y ap ban m èn kite m bay lanmou E aprann li p ap mizik si l pa touche nanm ou M s on Powèt evade Vie de bohème m ap desine on nuit etwale M kite lank koule chak lè kè m vle pale Geto a ap koule mwen m ap reve je kale M soti lwen m gen on rèv ak on plim M vin make tanm ak on rèv ak on plim Pati san anyen menm m gen rèv ak on plim M vin make tan m ak on rèv ak on plim Sèl mèt desten m Siksè ap vini, m di manman m m dwe pasyan li di m non ou dwe medsen Piti piti zwazo fè nich M p ap rap ilizyon, pale w de machin ak swag non c sof rim mwen yo k rich Tris konsta Pati san anyen, mwen m s on etensèl ki vle vi yon star Touche kè avan kò Se tout kwonik on powèt mwen m wè l'art avan lò Kite mizik bèse m Delimite m ak tout imilite m, m vle gran donk m dwe bese m Vire je w gad tout sa malgre eprèv m akonpli Nou soti lwen pati san anyen sof on Rèv ak on Plim