Gen konfesyon m vle fè, wont anpare m Men fò m fè vit, lè lanmò ap vin chache m li pa p tèks mwen pou di m pare m Ou m te blese, m konnen se pa on zik k ap repare w E si m te pran devan ou se te pou defann ou, pa pou te bare w M pa t dwe betize ak lekòl, Esther t ap pi fyè M te dwe di papa m m renmen l m te kwè m t ap pi fèb M pa t dwe al nan lari a, m pa wè paradi a Frè m pa gen anyen ki ewoyik nan mouri sou yon pil fratra M pa t dwe touche yo, sal regrè E nenpòt sa yo te ka di ou, konnen byen dwòg, alkòl pa remèd M s on moun, kouraj mwen egal ak lachte m Regrè m yo sal, avan m vwayaje m espere rachte m I swear, I could be a better man I swear, if only you could understand The faith in me shall set me free Reflections (reflections) The faith in me shall set me free reflections Gen kèk etap m pat dwe boule, solisyon an se pa t soule m Si sèlman ou te ka konprann, gen kèk dlo je k pa t dwe koule Gen kèk moun m pa t dwe kwaze Se pa tout bèt ou ka aprivwaze Gen kèk zanmitay ki pa t dwe kraze Gen kèk mo ki make m Yo blese plis pase kouto, gen souvni ki grave Gen kèk moun ki manke m M pa t dwe fè silans lè yo t ap pile m M se on konplis, m avwe sa, se mwen k ba yo wòch pou lapide m Kouman pou m di m lib, lè m esklav ti kapris mwen M satisfè sèlman ego m, sou pretèks sa imen Si m ba ou distans malgre tout sa n pataje Se paske ou riske nwaye si se bò kote m ou ap naje I swear, I could be a better man I swear, if only you could understand The faith in me shall set me free Reflections (reflections) The faith in me shall set me free reflections Man ou te gen rezon, ak siksè m m fouye tonbo m M pa t dwe pran mikwo a lè m gad konbyen frè k ban m do M pran kou, m soufri san rele Kouman pou m di ou, youn nan pi gwo regrè m, m pa t gentan fè feat la ak San Mele Gen kèk doulè menm tan an pa rive geri Se moral Rhod ki sibi tout sa k rive D-FI M pa t dwe rann kou pou kou M trayi vizyon m sou lavi a, mwen ki gen pou filozofi Ubuntu M espere gad posterite a nan je Reponn li onètman lè l di D-Fi pouki ou touye revòt la nan ze M s on moun, kouraj mwen egal ak lachte m Regrè m yo sal, tout sa m espere se rachte m I swear, I could be a better man I swear, if only you could understand The faith in me shall set me free Reflections (reflections) The faith in me shall set me free reflections