Se pou met fen nan on deba Chak koumansman gen on fen, e chak fen louvri pòt li pou on nouvo depa An tout senserite, lwen tout ti mannèv divèsyon E paske on listwa pa janm gen on sèl vèsyon Kite m konte ou Kwonik on gwoup Powèt A l'époque, on gwoup rapè k te pwomèt Nou te gen foug e n te kwè ke n te ka chanje bagay yo ak pwezi Anyen pa t ka stope n, menm refi Blay-Z Sa pral gen 4 an depi m te resevwa apèl Ed M te nan geto a ap bay levanjil la pandan rap te sanse dead Se te jou soti albòm Bon Komisyon Fòk nou te an mòd gèrye, Powèt Revòlte se te on misyon A nou 2 se t ap byen men twòp rapè k tankou n Pou sa m te vin ak Wellborn, pou sa m te di Yo Kendy anyen pap fèt san ou Dream recordz revolisyon ak Pawòl Rèv la te gran Filip monte abò l Nou pase de senp foli A pwojè lavi, ekip la vin konplè ak ajou HD Senfoni Ann ale, ann al chavire sistèm nan Nou te pran tèt nou pou Avengers E pou lide, nou te prè pou sakrifye siksè an Pa janm rate on okazyon pou ekspoze Talan l, yo pa t fè n kado, n te blije enpoze n Anchene sèn, senkwo, emisyon radyo Nou te rive fè on non san single ni videyo Hum, la belle epoque Pozisyon, plim jenyal, punchline, dope lirik, we back to hip hop E menm si, nou chak te gen karyè solo Nou te Youn, reyisit Kolektif dwe prensip kay tout MC Pi bèl la se lè ou ap monte Anlè a ou pa p ka fè anyen ankò ke desann, siksè on bèt ki mal pou donte Mwen m te gen on Rèv ak on Plim, on rèv ki koute m lavi m Mande Dominik, pou rap m sakrifye lavni m E si sa t ap koute m vi m, m pa ka ap satisfè tout ti kapris M pran responsabilite m deja al koute Abysses On maten m leve m tande m ipokrit, m egoyis Sèl sa m se konyen madanm zanmi m, m opòtinis Te m di ou, m se on nèg sensè M gen kòd m respekte nan vi a e ladan l Madanm on frè se on sèn M rayi jistifye m Pou sa m te fè silans On silans yo panse k te ba yo rezon Nèg krisifye m Gen sa k te kanpe sou mwen, gen sa k te kanpe pou mwen Kòm antouraj m te kenbe sila yo k te la pou ban m kouraj Plen dout m te elwanye m Se pa t janm on koze fanm, sinon pouki youn nan fanm yo pa t janm temwanye M ka gen tò men se pa sa y ap repwoche m yo Pandan ou tap fè konplo pou ekskli Filip, mwen m te kite l kotche m Jalouzi se kansè Si se te koze fanm vre, pouki n te remet an kesyon, mixtape mwen EP m, konsè m Sakrifis mwen yo peye, m ap kale kò m pou m jwi l Chak moun gen lo erè pa yo, pèsòn pap vin pran tèt yo pou jij Piblik mwen m dwe eksplikasyon malgre kritik m tap jwenn tou Pouki n te delete mizik mwen, mizik Ja-M tou Ou fè chwa a, se mete grenn pou asime l Detui on lòt pap fè w konstui tèt ou m asire ou Powèt Revòlte gran, se nou k pou mete n nan wotè l Ou te devan , volan te nan men ou men sonje kiyès ki te motè l Ou ap benyen toutouni, lonbrit ou pa dwe kache Lwayote moun yo kanpe kote Sa Mache M redi l, m se on rapè k pa respekte pyès nòm M fè sa m gen pou m fè, m pa bezwen favè pèsòn E paske albòm sa se testaman m E paske m ap ekri istwa m pou nèg pa vin envante istwa ban m E paske m fèt pou m reziste E paske m gen respè pou nèg sa yo k fè klik la toujou ekziste Sakrifis yo anpil, chak nèg endispansab Ansanm nou reyalize l’enpansab E paske sekrè yo fè dega, mdeside pale E paske apre albòm sa m deside ale E paske m gen dèt pou m peye, sa yo k te pouse monte E paske devwa m depase volonte m E paske pwomès se dèt E paske zetwal yo konn etenn, rèv mwen se pa t vedèt E paske n gen kòd Kou Youss di, e paske Powèt Revòlte vin on mòd lavi, li kite efè d mod E paske gen Filip, A l’infini, Ja-M, MCM, Wellborn E paske n dwe aderan nou yo on albòm E menm si m deside se la karyè solo m bout Nou se sèl rezon k ka fè m tounen nan booth S on Eritaj, pou lòt jenerasyon an rekòlte M sispann D-FI, m p ap janm sispann Powèt Revòlte