Vwa a rekonesab se tinèg Castro a Pozisyon m pa chanje depi levanjil geto a M fè pati nèg ki aprann fè lò ak labou Se pou Reziste R ki devan Rap nou Se kwa m, m asime chwa m yo Pito se prensip mwen yo k touye karyè m, tan pou m fè siksè ak pa yo M la toujou, paske m p ap koube m douvan tout nòm Si m la toujou, se paske m pa vle soti pou kò m Lè pwopozisyon yo te vini, valè m te kont kondisyon yo Refize siksè a pou ret fidèl ak pozisyon m yo M rive la san trennen figi Okenn dan pouri pa gen fòs sou mwen dayè karyè m pa fig mi Getoyout brake Fizi La tête haute quoiqu'il arrive M s on malere k kenbe diyite l, rele m Izi Pa konteste siksè m nan Se pa nan bouda on jenn tifi m te foure mikwo m nan, men nan bouda sistèm nan Piblik mwen ki medya m, li ki medya m Si ou bezwen m, tcheke m Castro pa sou wikipedya Mantalite bwasè nèg, i'm from the hood San tele san radyo, bidjè zewo goud Piblik mwen ki medya m, li ki medya m Si te gen cash m kwè hit lan t ap imedya Animatè a k te pretann li konn sò m Di l djòl mwen pa nan pòch patwon, se piblik mwen ki sponnsò m M trase pwòp chimen m, m pa suiv foul Sa k pa t konprann demach atistik mwen te di m fou On staf amatè, se KGY ki grandi n Ki lè li ye?? Se lè on rapè kèlkonk fuck Gandhi M se on danmijanm ki pa gen bouchon Yo leve m frape m atè bat mwen ak djòl yo men m la toujou Ti Pouchon M wè èn nan je frè m, nèg yo sa l non m D-Fi fake, egoyis, D-Fi vòlè, D-Fi s on sale con D-Fi pran woulib sou batay etidyan E lè m te di piblik mwen envesti, yo te di m mandyan M deside vanse san rankin Men pou listwa aprann sa, yo pa janm konstui anyen nan manti Mwen m pou laverite, m pa bezwen gen rezon Kontrèman ak blese yo, dezonè pa gen gerizon Nan levanjil geto a, lè m te di nou pran men m Se pou n te soti ansanm pa pou te rale m dèyè, m renmen nou kanmenm Piblik mwen ki medya m, li ki medya m Si ou bezwen m, tcheke m Castro pa sou wikipedya Mantalite bwasè nèg, i'm from the hood San tele san radyo, bidjè zewo goud Piblik mwen ki medya m, li ki medya m Si te gen cash m kwè hit lan t ap imedya Animatè a k te pretann li konn sò m Di l djòl mwen pa nan pòch patwon, se piblik mwen ki sponnsò m M gen piblik depi Rèv ak Plim k ap pote m M ap plase youn pou sa yo k te toujou sipòte m M se pwofèt nan peyi m, tinèg Castro a Crack konbyen fwa n afwonte lanmò nan bouda moto a Apre lari m pa gen lòt bòs Sat anba kenèp, dèlma 33, 30-32 bòlòs Chak geto k akeyi m pase m mikwo pou m leve foul Bèlè, chansrèl, boston, belekou Rap mennen m kote m pa t janm imajine Pòdpè big up Vespucci, tout pitit imakile San pwomotè se fan mwen k jere m gig Senmak, gonayiv, laskawobas, jeremi San dout gen non m ap bliye Men nou ret grave nan kè m m se reflè limyè nou lè m ap briye Kenpòt si m pa atis k ap mennen an M fyè, m gen piblik m te toujou reve genyen an Piblik mwen ki medya m, li ki medya m Si ou bezwen m, tcheke m Castro pa sou wikipedya Mantalite bwasè nèg, i'm from the hood San tele san radyo, bidjè zewo goud Piblik mwen ki medya m, li ki medya m Si te gen cash m kwè hit lan t ap imedya Animatè a k te pretann li konn sò m Di l djòl mwen pa nan pòch patwon, se piblik mwen ki sponnsò m