It's all about a dream anbyanse on foul M goute on pen kounya m mande on fou On plim sèvi m limyè lè orizon m flou Je me fais un kif, le reste je m'en fous San Nou m t ap jis on ti nèg pami tout lòt nan koridò Castro Donk kite m plase youn pou sila yo ki toujou gen D-Fi en boucle nan kas yo On Ado kòm arèn on geto Mantalite gèrye m Ame m ak mo Gito aprann mwen lè w jwe ak vi w ou fini dejwe Se pa ak dwòg men se ak mizik ke m akwo Se kwonik on powèt melankolik Plim mwen ap kriye paske kè m kòche Soule chagren m nan kèlke verres kou alkolik Ak mwen m envite w bwè kèk gòje Chache w nan mwen paske mwen m jwenn mwen nan ou Lanmou nou bay koulè ak tout nuit blanch yo Mèsi pou sipò nou men souple pa aplodi nan sal la g on frè ki mancho On panse pou tout sa m pèdi sou wout la Non nou plis make nan kè m ke sou mi E pou m pale ak nou Dèfwa m rape à la belle étoile lòt fwa m Rape nan zòrèy foumi A tout sa k te ede m koud plè m Ki te banm ovasyon pou m te ka atenn syèl Pou nou m dedye on kouplè Se pou tout sa ki te kwè nan mwen Wè nan mwen On etwal pandan m t jis on etensèl Wè se pou tout sa ki te kwè nan mwen Wè nan mwen on etwal Pandan m te jis on etensèl Donk kite m plase youn pou sila yo ki te la depi nan koumansman 2005 - 2016 anpil wout frè m Sila ki te la menm nan pi move moman La GNESS aprann mwen sa k rele zanmitay Viv ansanm Soufri ansanm Souri ansanm Mouri ansanm Kite m plase yon panse spesyal Pou Pasapas, Leel the drama, Lapinòk Pou Tedox Pou Deblozay Pou Blòdè Dje Pou El Che Pou G Lack Pou Mass Pou Penzon Pou Izi Pou Castro Pou Machal, Lord IMP, XPJ, Nappy Pou Ti Damou, Bibi Sa se lafanmi frè m Nenpòt jan Kite m plase youn pou sila yo m te kwaze sou chimen an E ki met men ki met kè yo nan pwojè a kòmsi se te pwòp afè pa yo Dominik, Wood, Dread Ti Kris, Nazzle Death Hastla Family, Stephane Petion E a tout moun ki te pèmèt pwojè sa sòti, spesyalman chak grenn frè nan Powèt Revòlte Ed Da Liriks ou s on frè man, D-Fi ak Ed se pou byento M pa ka tann frè On panse pou B_Art Pou Wellborn Kenfs JaM, MCM, Slamuel, Shelo Pleb Muzik, Jethce, Maestro James Pou Kerby Pou Jay Pou Kaz Pou Exus Mo pa sifi pou m di n mèsi On panse pou chak moun ki ap sipòte m Lè fan tounen fanmi kòman pou m di n ke mesaj nou yo konn apeze nanm mwen On mansyon spesyal pou Son Makònen, ou te sèvi m gid lè m te devye Banm kouraj lè m te vle bay vag Banm espwa lè m pa t genyen Dènye mo m se pou Gran Paran ak Estè M espere nou fyè, se kwonik yon Powèt, yon Powèt ki sot Castro, Yon Powèt Revòlte