A chak nouvo track, s on lòt paj nan liv vi m Vie de rêve kòmsi Site Castro te Dreamville (Wè) si ou bezwen m, mande la Menm prizonye nan on geto pa t brize rèv mwen, rele m D-Fi Mandela M mande Rap on hit, men l banm on vi On plim, on sampling sifi pou m konble on vid (An) avan ou di track la bèl Map di ou Die-Nasty se fanmi an m rive la san pyès labèl Brèf rapèl, men rapè ki pa t konn sak on 16 ba Tchek mic, menm sak anlè ap pran chèz ba Mache rap nan chak blòk pou m te ka plen tou m Mande Do kounya mtèlman pran galon, mka plen doum Non m ap kònen PowètRevòlte le concept, se klasik m bay lè m drop sou prod SonMakònen M twò Hardcore man, yo wè m kou nèg ki dope Ou p ap ka jere skandal sa, menm si ou t Olivia Pope Yeah kiyès kap woule nan kas yo? D-Fi, yon tinèg ki sot Castro (4fwa) Pwezi kòm zam M vin fè on non kou Jay-Z or Nas Sa kap adore m now an 2005 te di m twò raz Pou plezi bòz rad mwen wè nèg ap rap, mwen m Tankou MC an, m pa vin fè boss, m vin boss Hard Se Kwonik, on MC negwofil Rap ret on game, gen twòp MC pedofil Mwen m stil on paradòks Si tout pral a goch, m pral a dwat, Nigga m ap ekri vi m donk sous enspi pa ka bòz Gen sak pral di se klash e ke mpa feel medya Si m te gen cash, m kwè hit la tap imedya Lwen swag ak bitch, like IZI ONE map sal rad M krache Sal Rap di K. Libr' m bay kochon manje salad Yeah kiyès kap woule nan kas yo? D-Fi, yon tinèg ki sot Castro (4fwa) M remake rap boure ak gang men manke powèt Repanse nigga, si w pa solisyon ou se pwoblèm M vin frape kot sa fè mal Sofiane di m lè 2 rapè met tèt yo ansanm se pou pale on twazyèm mal Mvin eksploze kou plastik Sa tris sou do chen m wè ravèt pran plas tik Nèg ap kouri pou buzz, redwi karyè ak ipolit, ipokrit lè Mahatma ap soutni nèg kap fè elòj pou dwòg Sa k vle diss mwen, avan clashe tèt li Mpa dann ak fake kap benyen toutouni kap kache krèk li Se pa apre dife ou ap wè kokobe k te ri dèfonfò Men apre Sal Rap ou ap wè MC sòt ou te pran pou fò