Ak rap mwen m louvri on fenèt pou m gade mond lan "So much thing to say" kou Bob avan m jwenn tonb lan Chòk se lè m li Bouira se lestomak On timoun douzan k resevwa bonb lan M pa pi konsyan pami atis yo Men m pa ka ret endiferan lè anfas la moun ap manje tè ak siwo M ekri sa k touche sansibilite m E paske yo di m gran pouvwa mande gran responsabilite Yo di m, ennmi lapè se machann zam Yo fabrike l, fò itilize l, yo fè lagè paske sa rantab Se reyalite a k tris, mizik mwen se reflè l M te panse refè mond lan, la m pè pou mond lan pa refè m M wè timoun tounen komès Kay bondje yo a, pè beni bouda annfann kè apre mès M fèmen sou mwen menm, se pa yo k pou pale m de moral Paske mon de rèv yo a se kochma n Mond yo a fè m pè, pri nobèl lapè nan men kriminèl Sèl nan tele m wè lavi pi bèl Masakre tout on pèp Demokrasi kòm alibi Dwazimen fèmen je l sou sa k ap pase Libi Se pa de sa medya yo deside pale Se konsyans nou k separe n ak bèt se pa mediterane Pi pre m, kochon ap manje moun lasalin Gen ki endiferan a sa men k choke lè yo kraze kèk vit machin Endiyasyon selektiv, se betiz Youn nan pi gwo mal k ap ravaje n se legliz Yo maske krim Mond yo a se pa Alice aux pays des merveilles, se Ahed Tamimi a Palestine Depi se kont enjistis chak zak Konte menm si pou chanje sa li p ap sifi sèlman gen on ashtag Mond yo a se pòch plen, kè vid Sou yon rivaj, Aylan Kurdy M wè yo asasinen tout sa k kanpe pou lite Nan mond yo a m wè imen, m pa wè imanite Sou tèt mwen m fèmen, kot longè jip on "Femen" Choke plis pase milyon moun k ap mouri grangou yemen Kochon ak moun se menm kote yo rete Nan mond yo a, yo pito konbat pòv nan plas povrete Trafik timoun, esklav seksyèl Pran tout byen latè, tout sa yo ba n kòm espwa se syèl Milye moun yo ekzekite san pwosè On bonm pou efase tout on vilaj, yo rele sa pwogrè Se jenosid nan endiferans total Depi se nan avantaj yo fè lagè a nòmal Frè, mond sa pa pa m Avan l refè m, m ap fè malèt mwen, pou m al jwenn papa m Mond sa, si m te dwe fè tablo l Se t ap "Les Intouchables" , Erik Ravelo