M grandi an plen street, plen vis Mwen se pa kòd penal la men se Castro k ban m prensip M te on senp sib Pou konn desten on jèn li fasil, jis gad sak sou wout li k pi aksesib Glòk, dwòg, vòl geto a konn tout Bref ou a konn plis nan Kwonik on GetoYout Mwen m grandi san modèl Lè m resi konnen pi gran frè m, li nan prizon Lòt la menm fè vi l tounen on bòdèl Enpresyon desten m tou trase, m pèdi inosans mwen la, m vin konprann pou yo pa chase w, ou dwe chase Manman m ban m on plim, di m ekri avan m derape An reyalite se pou m te ka siviv ke m rape Kouman pou m diw lè chat dòmi nan recho se ak li m nouri m Ou konn konbyen swa m fè lide pou m mouri Men mande Filip kijan Auto-Psy geri m Respekte sa man, mizik sove vi m M p ap koube, m p ap pliye E si lavi a vay ke vay m k ap chante Nan chak nòt yo m twouve Chimen nanm mwen Sa k fè malgre m vle bay legen M gen rezon m pou m kenbe Mizik sove vi m Viv an gè, chak moun chwazi fizi yo Mouri an pè RIP BonFlo, Izi, Jimmy-O Piti m te vle kou pi gran yo (move lide) Men m grandi la kounya, tou pa m pou m on modèl pou piti yo Sa m dwe kite kòm eritaj Kou Kendy m se on reskape kidonk m ap rakonte n listwa pou n ekri pa n Se toujou youn pou gide tifrè yo Sak pèdi ray la, se toujou pou defann sa ki fèb yo Pou tisè yo Kouraj yo egal ak bote yo On rekonfò pou depresif yo, on refij pou sak dwoge yo Toujou pou reprezante geto a Fas on bann politisyen ki konn ekzistans sèl nan peryòd elektoral M pa vin bay leson, mpa vin fè tèt mwen pase pou pwof Toujou nan diyite e si sa mache make money kou Puff M p ap ekri pou detwi Paske m ret kwè ke mizik sa ka sove vi M p ap koube, m p ap pliye E si lavi a vay ke vay m k ap chante Nan chak nòt yo m twouve Chimen nanm mwen Sa k fè malgre m vle bay legen M gen rezon m pou m kenbe Mizik sove vi m M rap pou enspire tifrè yo, pa pou glwa E lè m pran plim mwen avan m krache, m panse ak Abouda M dwe trase on chimen Mikwo m nan zam, swa m defann frèm ak li swa m asasinen l M fè chwa m defann Castro jiskobou E pe enpòt si sa koute m vi m Rele sa Kwonik on GetoYout Pou m Evade m, m pa t bezwen ni dwòg ni Tafya Sèlman kèk nòt Filip a la prod epi vwa Tafa M p ap koube, m p ap pliye E si lavi a vay ke vay m k ap chante Nan chak nòt yo m twouve Chimen nanm mwen Sa k fè malgre m vle bay legen M gen rezon m pou m kenbe Mizik sove vi m