Pa mande m pouki m tris, pouki lapli ap tonbe nan kè m Pandan m ap poze sa nan lari a y ap plonbe on frè m M plonje nan pèn enposib pou m kache mal èt mwen Pwezi kò m terapi m ap geri m a lèt mwen M prezante m an liv ouvè li tout nan mwen Tout ti emosyon ki kache pi fon nan mwen Ou p ap jwenn anyen d extra w ap wè menm ke m sanble w À part sa m pa di anfas m krache l lè Jay sanple M pa fò dèyè on Mic m kache feblès mwen Tankou lè syèl mwen nwa m mande Bondye bless mwen M konn dekontwole Pran nan sousi sou fè m pran on boutèy sou lè m vle konsole m Emosyon m konn mèt man Bay doulè m rezon Santiman m se baz pifò zak m komèt man Onètman tout vi m prezan nan on plim Kèlke nòt sa sifi pou m akouche melankoli m M jwe vi m sou rim Lè melankoli anvayi m kèlke nòt sifi pou m kapab jwenn souri m Sousi m kite fwon m l ap plane sou vi m M pa vle erè m ratrape m donk m antere souvni m M jwe vi m sou rim Lè melankoli anvayi m kèlke nòt sifi pou m kapab jwenn souri m Sousi m kite fwon m l ap plane sou vi m M pa vle erè m ratrape m donk m antere souvni m Pa mande m pouki m santi m koupab M vle kou Pac men Menm poko janm ka jistifye manman m chwa m pou rap Kòman pou m di w m doute kèlke karyè k degoute m Sa k te bon o depa men ke siksè dewoute Koute M vle konn ki pati m loupe Jiska dat gen mo m pa di tankou m te Fiasco Lupe M koube m a ironi vi a Mande Pasa a kenzan m te gen talan pou m te David Villa Men rèv kwaze ak reyalite ranpli mond mwen ak kochma Di eprèv m ap lite leve lè m pran kwoch pat Goch dwat m s on sòlda ne Jenerasyon 90 m ap chèche pè sou sòl dane Pa mande m pouki m konn sonbre Lè erè m ap ratrape m lè karma ap dekonstonbre m Lespwa konn kite m ase souvan Kòman pou m di w m gen lafwa m poko ka mache sou van M jwe vi m sou rim Lè melankoli anvayi m kèlke nòt sifi pou m kapab jwenn souri m Sousi m kite fwon m l ap plane sou vi m M pa vle erè m ratrape m donk m antere souvni m M jwe vi m sou rim Lè melankoli anvayi m kèlke nòt sifi pou m kapab jwenn souri m Sousi m kite fwon m l ap plane sou vi m M pa vle erè m ratrape m donk m antere souvni m Pa mande m pouki m santi m pèdi Pouki Je t aime nan ap ravaje kè m Poutan m pè di l Konbyen moun silans mwen blese Konbyen pou m ankese pou m konprann on kè brize p ap fò ankò menm lè pyese Pouki m pè fen istwa Konbyen tris swa pou m pase avan m konprann bonè mete m sou lis nwa On pasaj a vid se pi gwo fobi m M pèdi nan abim lè rezon m sibi enfliyans foli m Dèfwa vyolans anpare m lè m pa satisfè ti kapris mwen Vi a voye m anlè san pare m konbyen fèy blanch konbyen paj pou m ranpli Pou m konprann sa k pi chè nan vi a san pri Lè demon m ap prije m sa terib M pa menm ka gad tèt mwen nan glas lè konsyans mwen ap jije m Kòman pou m di w m wont reflè m Konprann mwen m ka vomi lirik janm vle sou lestomak mwen ap toujou ret flè m M jwe vi m sou rim Lè melankoli anvayi m kèlke nòt sifi pou m kapab jwenn souri m Sousi m kite fwon m l ap plane sou vi m M pa vle erè m ratrape m donk m antere souvni m