Pi gwo fyète m' gen de tèt mwen se deske m' Lonbray solèy Loup Kont yon sistèm m' reveye sak gen somèy lou Rap pèdi souf depi lè pwezi n' pot dèy li N'reveye l'nan mond Mistè Jan n' te pwomèt li Aprè Rapè fin fouye tou y'antere l' la Ki wè pa gen enterè pou n' nan bere l' la K'pito swiv kouran média, ki pran Rap pou Bouyon bega Hip hop se vwa n', se dwa n', se lwa n' Rap la pasgaj, pasaj Relem' perispri, ki nanm sak péri isi Boum bap ki nanm peristil la, dexter isi péri stil la Men m' pa dekouraje se pa sak pa vle m' Pase k'banm talan Map mouri pòv pou sila yo tan pou Rap mw Ta banm lajan Se kòm k'andan lespri m' se sak fè Aparans Mw twonpe w' Padone frekansite m' si Mistè nan Pwezi m' sonde w' Klasik, taktik, matiq, majik, chak rim, m'bati Rezon k'fè nap ret lonbray lalin nan lavi avi a wi M pa pè paske m diferan, gen mwen, gen lòt yo Konba m yo twò vrè, nan on game ki twò fo M pa twò fò, m se jis on enkonpri Pa rele m rapè konsyan, chak konsyans gen on pri Kreye on bondje pou eksplike ou sa ou pa konprann se esans imen an Syèl la pa limit, se jis chimen an M se sous limyè a, sou lòt yo m reflete Gen sa k wè lè siksè m rive, mwen m wè se lè pou m retrete M pa règ la, m se on eksepsyon M sensè, kòman pou m ba ou track trip pandan m ap tete lang ak depresyon m M fè klasik nan dekri on vi lèd M geri kèk mizik sove vi m, mizik mwen sove vi nèg M pa nimewo 1 men m inik Brize chenn yo, yo tout ap kouri dèyè glwa Mwen m ap kouri dèyè viv lib Plim mwen plenn ak lalin pou l akouche l p ap tann 9 mwa M se lonbray li, m briye lè moun k ap koute m yo nan fè nwa