Nou te kwaze twò ta, separe twò bonè Mal pou eksprime m, donk m vòlè mo kèk powèt Ou make tout on pati nan vi m Nou te jèn, nayif, nou te menm kwè n tap viv nan fim Viv chak jou san panse a demen Kesyon Èske se desten n ki chwazi n ou nou k chwazi desten n? M te pèdi nan je w, m t ap vanse nan mitan lanmè Kote m p ap jwenn pye Kote pwomès pa kenbe Ou te vire dow San pale, m pa t menm ka pran men w pou m di w pa ale Pou sa m te gen twòp ego Ou kite bwat mesaj yo men ou pa kite souvni m Ou fin aprann mwen renmen, kounya aprann mwen mouri Ou te sèlman di m pa kite pèsòn tounen sant lavi m M tap kouri pou sa kap chache m,chache sa kap fui m Kè a gen rezon ke sèvo thug pa metrize Di l se lanmou ki fè nou, se lanmou ki brize n Goodbye my lover Goodbye my friend You have been the one You have been the one for me Goodbye my lover Goodbye my friend You have been the one You have been the one for me Pawòl yo pa gen sans, si m pa baw prèv Reyalite a t ap ratrape m, men ou te gen lòt rèv Ou te vle zanfan, wè m k ap leve vwal la Men lè w sou bouda w, menm ennmi w ka achte w mande Vwala Ou te dwe fè chwa ant sa w vle e sa w bezwen M ap pale w kote lanmou pa nan woman men nan on aleken Ou pa t gen kouraj wè rèv ou ap mouri sou pretèks santiman Kote ou ka pèdi vi w si w manke santim nan S on mond enpafè kap ekzije n pou n pa fè M pa konn sa m regrèt ant sa m te fè e sa m pa t fè Lavi a pini m An vrè m pito ri paske sa te ekziste tan pou m kriye paske sa fini Si m renmen l vre m dwe kite l lib, nouvo lanmou l kite l viv Se pa chanje paj, m dwe chanje liv M te mize, m pèdi, si ou kwaze l di l Se lanmou ki fè nou, se lanmou ki brize n Goodbye my lover Goodbye my friend You have been the one You have been the one for me Goodbye my lover Goodbye my friend You have been the one You have been the one for me Viv twòp nan pase m fè m neglije prezan m M ap kriye pou on bèl wòch m pèdi pandan kote m gen on dyaman Al, kite m mande w padon paske m bare wout ou Paske m pa rive efase tout dout ou Lè w fè vi w nan on kaj, ou ka panse vole s on krim Pa gen lontan m t on jòkma, men kounya m se on king Nan vi a lè w kwochi genyen k vini pou drese w Genyen k vini pou geri w lè kèk lòt fin blese w M te dwe di Goodbye pou m te ka vanse Mennen m kote w vle men konnen gen plè k poko panse Rafrechi m, m epuize M ba w kè m, men fè atansyon li ka blese w paske l brize