Woman hold her head and cried Because her son had been shot down in the street and died Se kwonik on malerèz ak on dream Lane 99 madanm deside pou l rantre lavil ak Johnny Apèn desann sètifika, l ret kwè ekri ak li se Pi bon mwayen l te ka ba l pou l sòti tcheke on vye lise Sa se tèt sèkèy li, baton vyeyès li, toujou di l veye kote wap met pye w, deviz pòtoprens se tè glise Li pa t konn pèsòn, se fanmi on fanmi Ki te pwomèt li y ap rezève pou li on chanm vid On ti kounouk, pa menm gen kote pou 2 chwal galope Sa pa fè anyen, depi m ka lage kò m aswè ak on dra pou m vlope Konsa l kite bokozèl li Kenbe nan men l, on ti gason katòzan espere fè l vole ak pwòp zèl li Nan Johnny l met tout avwa l, wè sa kou envestisman l, tout ti byen l, tè, bèt, ak lafwa l Pòtoprens di l byenvini, kafou aviyasyon Anyen paka bare on malerèz ki gen vizyon Madanm nan leve 2 bra l L ap rele lari a manje tèt sèkèy li Madanm nan leve 2 bra l L ap rele lari a pran baton vyeyès li Johnny pèdi jenès li nan bouske lavni l Entegre pa fasil avèk prejije lavil Mawozo, yanm, nèg andeyò, pyeton Konpliman ki di l byenvini anndan lise petyon Li pa t ka sipòte, sou wout deraye Men madanm di l pitan m, gad kote w soti si w vle konn kote w dwe ale Johnny pran kè, fè jounen avèk sèl anba lang Lekòl apre midi aswè l ap etidye nan balèn Se apèn si l ka wè tablo a, 92 nan on sal Madanm ap okipe lòt timoun, Johnny pral lekòl tou sal Mete grenn Johnny, la a ou pa nan pansyon Sakrifis yo peye, li pase ekzamen nevyèm avèk mansyon Johnny pa t rete la, nèg ki gen rèv pa ret nan kabann On sèl bagay ki nan tèt li, chanje kondisyon vi madanm Se ak fyète madanm ap gade l Dlo kouri nan je l lè Johnny parèt avèk papye Bacc 1, Bacc 2 l Madanm nan leve 2 bra l L ap rele lari a manje tèt sèkèy li Madanm nan leve 2 bra l L ap rele lari a pran baton vyeyès li Joumou sou wout pou l donnen kalbas, se pa mirak Se detèminasyon Johnny reyisi konkou, antre ILA Johnny ap li Marx Je l koumanse louvri li rann li kont mizè klas pa l la fè richès on lòt klas Johnny ap kesyone l sou ekzistans li Lè lwa yo pa jis li dwe rebèl, dread li senbolize rezistans li Johnny pran lari ap revandike Pou moun viv nan bon kondisyon, se pa tankou bèt pou jenn ap etidye Li s on menas pou sistèm nan, l merite elimine Sa kòmanse ak imaj li laprès ap diskredite l Se li k anpeche peyi n mache, chimè y akize l Johnny pa brize, byennèt pou tout moun se sa l vize On jedi swa vè sizè Apèn li kite on kamarad, n ap kwaze demen maten, lari pi rèd On vit tente desann, on bal nan tèt Demen maten nan nouvèl yo touye on gang Laprès pwononse l san ankèt Woman hold her head and cried Because her son had been shot down in the street and died