Nan limit pasyans gen syèl Se toujou kwonik on Powèt On Powèt ki sot Castro On Powèt Revòlte Reyalite m fè m pa imajine vi m san rèv Anti sistèm m vin chanje on plim an glèv M t ap gwòs siksè deja si l te vin san règ M kou Black kent, se lè on pwòch mwen mouri m santi m vivan frè Kelke krizantèm m toujou an dèy ouais Orizon m gran men l pa anpeche m gad dèyè Fuck snap back mwen m gen twòp frèm nan peyi san chapo Konprann soufrans ki kache dèyè chak mo Coup de blues M vin prezante ak on mic pandan manman m chita lakay ap tann mparèt ak on blouz Lari banm bag Apre 12 zan m rann mwen kont li lwen pou l paradi now m vle surfe sou yon lòt vag M ap gad Karma anfas, erè m ap ratrape m Plonje nan Abim, kisa m t ap fè si rap pat rape m Pandan yo la ap krisifye m san klou ni kwa Mwen m ba l jenès mwen poutan l pa t pwomèt ni sou ni glwa M s on Black atis M ekri doulè koulè m Li nòmal pou enspirasyon m vini san cannabis A chak fwa m tris M kite lank koule sou papye sa rann bonè ap nwaye nan lanmè sikatris M pa mal pou konprann c yo k mal pou koute M bay lanmou k pa gen pri men se vi m li koute M pa gen konfyans ankò Black Alex aprann mwen ke moun ap detwi vi ou apre pou selebre lanmò w La moun yo fo, sipèfisyèl Si ou vle briye kou etwal ben pran pou limit syèl Limit rèv se kantite tan somèy Mwen m pa enkyete m pou fè nwa m konnen byen se solèy Ki fè lonbraj Si apre lapli c bon tan ben se D-Fi k pral fè bri apre loraj An atandan ke profesi Lord akonpli Map bose rim mwen pou m akouche on rèv ak on plim Kouvri ak siman m se on pierre precieuse stil emeraude D-Fi a ap pran levèl men pou geto a mstil ret Rhod Yo di m se pa nan peyi m ke m pral pwofèt M ap krache on mal kwonik, kwonik on powèt Ki jwenn chimen l nan mitan bal, dròg, sèks Vrè misyon w konn sou wout pèdisyon mande Malcolm X Pou sove geto a m ap sakrifye pwòp vi m M ap reve pou sa tout sa k pa gen kabann pou dòmi Gen twòp vid man Kite m plen tou m ak ti savwa pou m soti la se mwen k dwe pwòp gid mwen M ap rape pou pè, m ap rape pou love Si rim mwen yo rich se paske m ap rape pou pòv M fè etensèl vin dife, fè fenèt vin pòt M wè zanmi vin etranje, etranje vin pòt Lavi s on bitch m swe sou li pou mwen l pa chanje kilòt Tankou lòt chanje vi m m rap pou m chanje vi lòt