Mwen, vi m, lirik mwen, doulè m Trèzan apre m stil ret kwè kèk kouplè kapab koud plè m Frè m se Kayen, ou wè sa k ap rive m si m ba l do Se kwonik on rejte k vin make tan l, rele m Balto Sa pral de mal an pi, sou sab bò lanmè m bati Yon anpi, m s on ewo yo te vle fè pase an mati Lavi a ban m on milyon rezon pou m ta kite l Men abandone pa nan vokab mwen, m gen jèn Kounta Kinte M te vle briye, men manman m di m tann lè m Anlè a s on frè w k ap asasinen w, sonje Malcolm a Harlem Malè m, m toujou ap batay pou menm ide a frè E m soti nan petèt sèl peyi k asasinen liberatè l Wè m parano, men si tout pwojè m tonbe à l'eau M konnen lòt bò fil la Filip ap reponn chak fwa m di alo M soti, kote pou on ti pwogrè nèg ap poudre w Menm ak boul grenn mwen m detache m, sèkèy la pa gen plas pou de M koube m a kreyatè m nan, se li k abit mwen Jijman l yo irevokab, m ap tann salè tout peche m An atandan, m ba vi m sans lè m gen mic a beat mwen On plim pou ekri reyalite m, on konsyans ki pou preche m M p ap depeche m, kite melodi a pote m ale Migga m vin make tan m nan kòm si m te Bob Marley M vin pale tou wo, sa geto a ap plenn tou ba Pa sezi avan twa albòm si ou wè pwatrin mwen plen tou bal Koupab ke m ap chache a, m wè l lè m gade m nan glas Karma, nan chatiman ou yo, m ap mande ou pou fè m gras M sot sou chimen an, sa m wè yo pa fasine m Twòp espwa y asasine, gen twòp rèv ki kalsine Wè gen rèv, men pou yo reyalize sa ap pran tan Mwen tou m gen rèv, men m toujou pantan Nan menm pwen an, m wè ti nèg a menm jwen an M voye dlo, m pa mouye moun, mèt li mèt ranmase pwen an Se toujou menm manif pou diri oubyen gaz la Toujou menm gè gang yo, geto yo tounen Gaza Toujou menm avni yo k nwaye nan dwòg ak alkòl Toujou menm ti frè yo k pran chimen prizon k kite lekòl San vizyon, jenn gason ap fonde fwaye anba tant Manke anbisyon, jenn fi an vle on bwat makiyaj pou vizaj li e pou anndan janm li on patant Nan mitan devyans yo m t ap tann, m pa Brant Men m konte kidnape rap, yo di l pa met bòl Don't give a fuck, dayè se siksè a k sedui m, m pa t sou bò l Sa dwòl, pwoblèm peyi a pa rezime a ti kapris mwen yo Fuck hit, se pa on Jordan k ap efase sikatris mwen yo Stil rap tris mwen an Pa chame mezon disk, rezon k fè m pa jwenn kontra, yo pa feel stil atis mwen an Kou lòt la, mizè gentan make m, m pa wè rezon pou m tatouwe Siksè pa nan clash, pou m monte se pa on frè pou m ta touye Yo bafouwe verite, kache l nan pi lon Tankou po Kalangèt, mwen m vin boure l ak sèl M ap aprann ou vizyonè ou an pa wè pi lwen, se nen l ki pi long Sak fò viv pou kont li men pi fò fè viv frè l ak sè l Ak sèl plim mwen m vin revòlte sou fèy blanch M ap kontinye viv nan kè geto a menm kouche nan 4 fèy planch M p ap janm trayi konsèp mwen yo Pi gwo sousi m se sa kap vin dèyè yo, se ak yo m dedye konsèy mwen yo On bagay m aprann lè m te konn al krache ka Do Siksè se nan travay, vi a pa konn fè kado Kwè m, frè m, si l ap fè tèk fò w ka fè tou E lè yo di ou kòb pa fè bonè, di yo mizè pa fè l tou Lè ou kòmanse gen nan pòch ou ap wè malonèt fè repwòch E si ou fè on pa anplis sou kavo w a chak jou fèt ou M ap di w, viv vi a selon ou menm ak règ nèg yo pa soumèt ou Fè chwa ou ant ri dèyè on bourèt ou kriye nan on Porsche Se tout pwòch mwen k pati k fè m aprann Se pa dire on vi k konte men tout sa ou akonpli ladann Se pa tit men ekselans menm lè konesans se fizi Tan pou m doktè kou Napo m pito kawotchouman kou Izi M vle dòmi sou lajan men m p ap vann namm mwen pou monnen Gran Paran t aprann mwen fyète ka fè grandi menm on nen Èske m dwe tatouwe Esther ak Lajenès sou chest mwen Pou rann ou kont fanmi , zanmi se pi gwo richès mwen Tristès mwen, geto a ap koule m paka rape l cool Ou ap wè dlo je ti nèg koule chak lè m raple l kou l Pran. Fòs ou pa nan sa ou bay men nan sa ou ankese Gen emosyon nan rim mwen yo, kè brize m vin pyese An pasan, m ap di ou chak moun gen lè yo Pito ou pasyan sou wout la ke se lopital ou al pasyan Lè mond lan bliye vizaj ou, se zak ou k ap ret etènèl Ebyen se stil tèks sa yo k ap fè m ret Imòtèl