Livre on lòt paj nan istwa n a chak fwa son makònnen Si geto a pa gen plim li listwa ap toujou pale de grenn sonnen M ekri l, mizik se reflè nanm nou Chante l sou gita dezakòde eseye refè lanmou On lanmou k mouri ak prensès yo sou twotwa Geto a konte sou mwen m konprann sa twò ta M konprann twò ta ke èn nouri èn Ke vyolans se kansè nou sa k fè anpil frè m mouri jèn Menm lè m tap rap levanjil li, m pa t vlew pran l pou tanp ou Konn sa sa vle di lè zam on frè w brake sou tanp ou Ben non? Ok, sa vle diw pran nan ras kabrit Menm sa k a bib ap veye pou l fè on kou, se sa k lari M vle rap lòt bagay apre koridò ak rigòl Di yo gen on lòt vi lwen gè gang ak krim dwòg E menm si son sa ap woule nan kas ou ke festival M met tout lanmou m ladan l pou bay on geto resital Kite ti van sa bèse zòrèy ou Ti mo sa kouri sou lèv ou Dlo kò w koule pou bwote chay nou tout Getoyout gade zantò yo nan je Kase kreyon an, ekri istwa w jan w vle Nan vale lanmò m'ap rele èd, pèsòn pa di alo M gen frè m ki dead pi trajik pase diallo Bandi legal donnen polis ilegal M dread, pantalon m anba bouda m, nèg vide bal E lè n reyaji yo voye boid ak tout dram Tout dra blan frè depi w sot la ou koupab Ban m diw, vandredi bay koulè dimanch Kouman pou n pa 117 lè pou pran pouvwa politisyen bay bandi manch M ekri sa m viv, lari a se kilti m Frè m nou koupab otan ke n viktim On mil goud nan mitan n met divizyon Si je n koud, li nòmal pou n pèdi vizyon Linyon fè n fò men mizè febli n Si mizik mwen fè eko se paske doulè m fè bri M desine lari a rele picasso geto a Pou chamew m vin ak vava, se seriz sou gato a Kite ti van sa bèse zòrèy ou Ti mo sa kouri sou lèv ou Dlo kò w koule pou bwote chay nou tout Getoyout gade zantò yo nan je Kase kreyon an, ekri istwa w jan w vle Sispann frè m, la a p ap janm paradi Remèd la se pran pou pran l, li enskripsyon yo p ap geri maladi Malgre mwen m s on dèlmo (modèl) Yo te di m se aksyon m k ap chanje sa, se pa bèl mo Donk m fè l pou enspire kèk ti frè Di yo rèv yo ka donnen menm si yo te plante l nan kè mizè M fè l pou di w geto a se pa sèlman lame rat Ke vrè ewo nou yo se pa tikouto ak amaral Men se papa w ki mason, manman w kap pote bout sak Pou evite w wout prizon mete w sou wout fak Alabaz, wana se ti oubyen gran sèn Se rèn yo vyole k pral akouche franketyèn Geto a se ti sourit, rabòday, konpa Nou eksprime n nan kèk grafiti, kèk bon rap Plim nou se 35 zile, f and me's Vrè slogan n se pa koupe tèt boule kay, se love and peace Kite ti van sa bèse zòrèy ou Ti mo sa kouri sou lèv ou Dlo kò w koule pou bwote chay nou tout Getoyout gade zantò yo nan je Kase kreyon an, ekri istwa w jan w vle Kite ti van sa bèse zòrèy ou Ti mo sa kouri sou lèv ou Dlo kò w koule pou bwote chay nou tout Getoyout gade zantò yo nan je Kase kreyon an, ekri istwa w jan w vle