M pa anvi clash Nèg m se youn nan egzanp Rapè’k fè nom’l, san bif san di betiz, m pat anvi bat Nèg Gen sa m fè wè piti san’m pa di’m gwo Nèg Lè’n sou menm bit m fè yo lèd san’m pa di’m bo nèg M bay kontrè sa map preche a lè pou’m bay li M konn lè pou’m desann tempo ak lè pou’m hype li E lè yap di se yo’k pi fò m fè komsi’m pa konprann Dexter saison 2 pa pou kò’l li vin ak on track list Veni vini vici, yow vini piti Ak sa’w panse’n genyen kòm diferans lan m fini piti Tout lavi nou se bif nan mizik pran pòz sosyal Malgré sa nou lejè sou bit se sou rezo yo’n bosal M konn tout kou yo li klè’n pa gen menm prof Ou se lajan monnen pou rap mwen’m se papye’n pa nan menm pòch Nou tire pye nenpòt jan nenpòt kote’n jwenn Jou’m deside bif on Nèg wap manyen’l nenpòt kote’l plenn M pa cheke pou karyè’n donk fèmen je sou pa’m Pran defèt yo pou kò’m reysit la pou 2 bouda’m Pran hit yo m pa we sa sou wout siksè’m nan M g’on piblik men pi gwo fans mwen ap rete ti frè’m nan M ban’n fevè deja pa pè teke pye’m Non’m se KenFs e’m gen Black Lyriciste pou A.K. a Lavi a trete’m vèmin ou pi devan wap banm le gain Yon dexter a dextérité, m fè track sa san refren Revòlte depi nan zantray manman n Pa bezwen gen on Rolex nan ponyèt nou pou wè sa se moman n Mont nou sou bon lè Sa kite mache dèyè, li pete kouri Resisite rap nan figi sa k swete l mouri A chak syèk jeni l a chak best egri l_ A chak rèv D-FI l, A Chak prèv on chèf de fil Team Sa Mache, nou devye tout pwonostik yo Kijanw ka rekonèt rapè, gade n, nou se pwototip yo Nouvèl lekòl, Powèt Revòlte, nouvèl epòk Pou kilti a, plante pou lòt rekòlte, an vrè hip hop Nan game yo nou pa t kite yo jwe m kou pyon Sa lòt yo livre pou klasik pou nou se bwouyon M renouvle angajman, chak maten pandan y ap tann fo pa m Fuck game yo a chak tit, kòm si miikwo a t on fo bwa Atake m, e lè m reponn y ap pran pòz viktim What's beef, repons lan nan sann Biggie Nèg chache pou diskredite m, krache sou m diss mwen ak tout lide m Mwen m rive la san pa clashe moun an verite Kontre kouran, anplis nou mache ak kontè n, nou pa pran priz Sa Mache menm an temps de kriz Pa gen rap san pozisyon, game yo a plen agranman Fòk number one, boule twòn yo a nou vin ak on ban Chak bif, se pou on feat m refize M gen on non, fòw ta touye l avan ou tante fizye m