Pep kalfou rezistans, jenerasyon envensib, mesye dam Ogou Feray, kominote PR la di nou Ewa Nanm rebèl, anti-system, anti-conformiste, kap fout chavire chodyè a, ki pran byenèt pèp pou devwa Raple lafrans ke nou se menm pèp vètyè a Raple Legliz ak kolon modèn se menm bèt 7 tèt la Kap fè, stress, haine, tèt fèb Detwi n' Kòb, dwòg, gwòg, fòs kap sedwi n' Wap di n' pa kraze brize Poutan se zam wap vide Sou ti nèg geto nan street la ak nou k'tap brase lide Mouche blan boujwa leta se kont nou m' fout lage sa Poum fè devwa m' antake hip hopper m' di sera seta Pa konfonn gonfle venn Nan rezistans lan avèk phlébite S'on fason poum di w nou met fòs nan batay la n' pap febli Te mèt plen trèt yow Te mèt plen fèb yow W'pa bezwen pè Te mèt gen plis fric Te mèt gen mistik Wap jwenn jistis JaM, yon EnigmatiQ still Yes Kanpe an Powèt Revòlte, Jenerasyon Envensib Mwen livre m nan on konba pèdi davans On bann viktim Malgre tout agresyon mwen kanpe an Vikings Kot yon dal lafyant ap anfonse n nan on bann big dream Kot menm frè l pi solidè a ap vann konsyans pou grenn diri Mwen k pou di w m ap mennen vi m ak strès ak anksyete M vle make tan avan l make m ou kwè gen tan k rete Deja m konnen m sòti lwen frè E m bouke ankese M ap toujou gade lespri m lib menm lè menm pye m ta anchene Chak orizon m flou mwen gen mil rezon pou m focus Ki se pouki m ap rap pouki m ap viv pouki m ap batay Wi m konn pouki m ap rap pouki m ap viv pouki m ap batay Konsyans mwen souvan wonje m lè l di m Wellborn ou vo plis Si m renonse ak pwomès mwen yo y ap twouve m ipokrit Lè w gen frè k mize sou ou, s on rezon pou w sèvi yo gid Menm nan labirent dezespwa g on pòt sòti Chak dekourajman blo angajman m m f on Call of Duty Wellborn homie, stil T A D Di yo sa nou kanpe an Powèt Revòlte M fè sa m dwe fè, pou sa m pa bezwen yo banm glwa ni omaj M pa t kouri kite lè bato a t ap fè nofraj M pran pozisyon m depi premye rim mwen M renouvle angajman m pandan anpil ap tann jou m ap trayi plim mwen Powèt Revòlte toujou kwè nou ka al pi lwen an kolabo Menm si tout sa k pa regle fasafas ap fini dozado M toujou kenbe men m prensip lan Defann valè m yo piblik mwen stil medya m M toujou fuck mainstream nan Anyen pa chanje menm si ou wè m sou sky, pa panse m vin sta Menm si ou wè m sou tikè m stil pa p rap pou viza Di geto a D-Fi pa prale san l pa peye dèt li M stil pa gen patwon, di yo kochon gen ase grès pou kuit tèt li Rap mwen se toujou kri kèk majinal E se paske m atake pwoblèm yo nan rasin yo ki fè yo ka di m radikal M pa la pou fè n plezi, nòmal pou deranje chak fwa n tande vwa m A chak fwa m manyen mic la, se pou ranpli devwa m D-Fi, Def to the Death Son, Yon ti nèg ki sot Castro Kanpe an Powèt Revòlte Vwa yon nèg Nan on chanm ki vle met limyè sou lari Vwa yon pa t espere ki t ap chèche lavi nan lavi Vwa yon anvi pale k T anprizone Depi sou diktati k te g on envie de dire k t ap kenbe tèt pou ide pa t pati Ale lwen fè wè tèt mòn yo bezw on baryè M s on karyè M s on bout lò k kache anba labou Aprè lapli, Ayiti m sèl marabou Se pozisyon m ki chanje M pa chanje misyon Wout anba de pye m ki chanje M pa chanje vizyon Responsablite n se pa n E chay sou do nou se kwa n Nou sou wòch, wòch sou krab E lè w di gran w pa vle di bab N ap vanse Panse trase chimen pou sa k ap vin dèyè N ap travay pou n itil non se pa pou n vin meyè Dayè isit bati echèk nou, deja n wè defèt nou Pou jenerasyon k ap vin aprè n nan n bay tèt nou kòm chèk Pou jenerasyon k ap vin aprè n nan n bay tèt nou kòm chèk Mcm Double M C, se tout yon kolabo frè Kanpe an Powèt Revòlte M fè premye pa m san rale tout moun te di m pase byen men M tou pa aprann kouri m te pito aprann mache byen M aprann viv, m aprann suiv M aprann mal, m aprann byen Milyeu an konekte, m konekte l kouran pase byen Powèt Revòlte rekòlte sa l plante senkan de sa Si n pa lache e paske w te di n gen kran ke sa Kouraj la sòti lwen, pandan pwòch yo t ap ekate De bouch a lòrèy sa k ta di ziltik t ap epate Sa n te di k pran devan k ret tann nou mèsi E lanmou k pran nou Sa k te prè pou achte n ti monnen pou al revann nou Se rap ki fè n ou k doute n pa gen vi rapè (Men ki vin genyen menm? ) Ou ka pa kwè men n g on vi parfè Moun yo la nou la sa k devwe n Nou gen istwa epi pasyon pran rap mete pre n Nou pa tonbe e pa paske yo pa teke pye n Pa gen limit ankò menm sa k te konn prete n Dwe n Yeah han Black Lyricist Nigga Kenfs Bro, Kanpe an Powèt Revòlte Kanpe an Powèt Revòlte Kanpe an Powèt Revòlte Kanpe an Powèt Revòlte Kanpe an Powèt Revòlte Kanpe an Powèt Revòlte JaM Wellborn homie Def to the Death Son MCM double M C Black Lyricist Nigga Nou kanpe an Powèt Revòlte