Repoze an pè M gen on koz, m gen on zam, m konn advèsè m M pa mande swiv mwen je fèmen dayè rim mwen yo pa vèsè M pa on lidè, m se jis on nèg k ap batay Men depi w anpeche m manje, m ap anpeche w kaka M grandi kote pou fè on non fò w dandi Pou m te wè Djab ak figi zanj, m pa t bezwen li vi Gandhi M pa jwenn moun lonje men nan sa m antreprann Tout sa m gen yo pa ban m li, m mete grenn m rantre m pran l M pa t blòd ni mafya, Die-nasty te sèl banyè m M fè tèt mwen pou kò m, m pa dwe nèg sa yo karyè m Rann fyè kèk patnè m Ki tap tann mwen briye, m te di yo pasyans si m pot ko fè bri se pat lè m Apre douzan gad tout sa m akeri Tan pou y admèt tinèg geto ouvè liv, yo pito di m dwe rap mwen a Kery Èske m pwofèt nan peyi m? (I don't know) M rann mwen kont m mi se tèlman m wè nèg vle keyi m M sansib pou zèv menm jan m pou diyite m Mizik mwen ap mouri tifi si respè se vijinite E si se bleng bleng ki pou klere m map mouri envizib Tout nèg ki nan klan m yo, gen on ashtag #Envensib Non an se D-Fi, kontinye pale do m laj M ap tire sou sistèm nan nèg sa yo se domaj Kolateral on fason pou m diw m pa ret sou beef Men nenpòt nèg ki mache sou rèv mwen, map mache sou vi l Batay la pa nou kont nou, ennmi an nan mitan n Kijan pou n genyen si nèg nan ekip nou ap jwe kont nou Tisousou opresè pou privilèj Bann san karaktè Filip se stil nèg sa yo ki te touye Sankara frè Mwen m ret vanyan Lajan fè nèg ranpe pase koulèv m wè sa nan Luckner Noël ak Levayan M fè fas ak yo pou bal kap touye m nan pa vin nan do m Di nèg la on bout bwa p ap janm tounen pwason menm si l fè vi l nan dlo M p ap rap pou m best Men pou m touche nanm Non m se nan bouch geto a l ye l pa nan bouch près M p ap rap pou viza rezon k fè m pa t nan Ticket So Fuck you METWONÒM mwen m rap sou bri kè Te ka s'on Glock m ba w Grandi Castro grandi ak nèg ki pi kriyèl pase kwòk mò Mpito bòw kè m Mpa nan lojik pou makomè gwo zouzoun m pa pral bo fyèl djòl bòkyè M rap vrè mèsi sak banm love yo M Sinik, m ap mouri pou lide m yo, pa pou lide Young Thug yo M t ap gen plis kredi si m t ap rap bitch ak bòz Se pa ak tèks kou reflè m ke m pral fè kòb a buzz Rap Quaïda Evazyon ap vin sou tèt on misil Kou Disiz rap pa m pa konsyan rap pa m itil M rap sa kè m di m Mizik mwen se on rafal katouch sou sistèm nan, ou jis pran on Bal Pèdi