Dezabiye m fas on piblik paske rad pa fè mwàn Rad pa fè mwàn menm jan kouwòn pa fè wa Orizon m fè nwa, m repati ak plim mwen kòm tòch Mizik: Mwayen pou m pakouri mond lan san kòb pòch On lon vwayaj, pou akonpanye m kèk nòt Ak on ravaj nan kè m gen prezans kèk mò M ekri lavi m, rim mwen yo soti nan fon kè m On kè brize k ekri lanmou ak espwa l a fonn èn Pou yo te konprann mwen byen m t oblije ekri vyolans Pèdi nan koridò Castro, ak djab m t ap fè womans Plonje nan abim, echèk te pran m pou sib Donk m te tante lenposib pou te konn limit posib Pran sa m merite yo pa ban m Avan l ale li te di m on rèv ap ret on rèv si tout fwa m ret nan kabann D-Fi asasinen rèv manmi Rhod Diplòm, kostim, kravat, pase jounen nan biwo Donk m konprann si l pa fyè m pa fè l Pwomès ke m ap sòti men m ap eseye miyò a chak pa m fè Chak vè sèvi pou nwaye chagren m Silans konn pale gen on oseyan doulè dèyè chak plenn E chak grenn tèks m krache ranpli ak drama Frè m pa pè apokalips, m jis pè karma On nèg ki te vin pou refè lari men lari refè Se maryaj demon m ak zanj mwen ki te krache reflè m M grandi nan pèn a pèn ventan m gentan pèdi mwatye nan jenerasyon m lan m grandi nan èn Ban m di w an vrè, mizè touye espwa pou n viv an frè Si geto se paradi, ben m pa imajine lanfè Kot nèg kriyèl pase kwòk mò, menm mwen m pa t ka sen M grandi ak nèg 15 apre k ta pral asasen M rap sa k travèse m, pran sa kou terapi Li fasil pou konn D-Fi, jis koute rap li M ekri lespwa paske sante pa sifi pou kenbe m anvi Li pral gen tout sa l anvi rap mwen pral fè eksplwa Mesaj tankou boutèy nan lanmè Filip si m vomi lirik se paske vi m anmè Ou a di manman m pitit li te jis vle rann li fyè Li renmen l, si l pa di l sa se pask ego l rann li fèb Di Pasa m pa jwe wòl gran frè m Li plis modèl mwen ke m modèl li, m tonbe nan lari a m pran dizan fèm A tout frè k te grandi ak mwen, jodi a kou etranje Di yo m pa gen souvni, fò w bliye pou sonje Filip pran pwa chak mo M fidèl a konviksyon m, di site Castro m jis pran devan mpa ba l do Di Gran Paran syèl la te bezwen on ewo, m ekri konba l Se pa lanmò l ki fè m lapenn men m p ap wè l ap danse konpa Ankò, l aprann mwen se pa on kouwòn me se valè m kap fè m Wa Dezabiye m fas on piblik paske rad pa fè mwàn