Nou te pati kolektif menm vizyon, menm objektif Yea menm rèv, menm ligne, menm moun? Non non Men’n te sèvi a menm zam menm projektil Pou ide’n pou rap nou te trè pwotektif Mizik ini’n li divize’n sa pou’n konprann Gen bagay li kite nan nou ke menm tan paka pran Eksperyans yo pou anpil ni move kou bon tan’n Tounen pou kont ou nan la gè san viktwa sa paka kran Nan rap nou fè afganistan Irak nou fe Vietnam Dèfwa’n jwenn moun mize sou nou dèfwa e nou’k jwe pa’m Nou pati en koekipye’n tounen frè Aprè gè a nap depoze zam sakap rete se kè Ap gen vi toujou, ap gen lòt pwojè nou met kwè mwen Gen bagay m pap janm nan yo konfyans nou mèt fè mwen Lè’w byen akonpli on misyon yap rele’w pou on lòt Kite desten fè chwa’l m pat janm reve rapè mwen Pandan lòt te pran l pou game nou t ap livre konba Nou jwe vi n a chak so, teke pye n chak fwa n f on pa Nou tonbe n leve nou bay defèt pou fè viktwa Nou pa t pè reve nou reekri listwa n Nou te pati rapè nou fini gèrye Le n te vle lapè yo di n e gè l ye Nou te pati rapè nou fini gèrye Paske aprè gè sa frè m s on lot gè l ye Pataje kè kontan, doulè n, menm kèk rèv Rap pa ret pou tout tan, men zanmitay la etènèl Listwa poko fini nou jis tounen paj la Konstui se byen men pi enpòtan se pwoteje eritaj la E paske apre gè sa a, ap gen lòt gè E paske Reyalize rèv sa yo ap a mennen lòt rèv M wete kò m, men m gen plan m Tout sa m espere se rachte m, peye dèt mwen avan lanmò pase men pran m M dwe viv ak vid papa m pa t gentan viv moman m Kou Zile m p ap kite se lakomin ki vin antere manman m Se sa k ban m raj, m pran laj M t ap travay nan solèy pou m t al manje nan lonbraj 2-3 gout sou beton an pou frè k tonbe Konnen si m echwe sa fini m pa gen plan b Reziste paske se lespwa k mouri an dènye Aprè tou jwenn lapè se pi gwo konba on gèrye Pandan lòt te pran l pou game nou t ap livre konba Nou jwe vi n a chak so, teke pye n chak fwa n f on pa Nou tonbe n leve nou bay defèt pou fè viktwa Nou pa t pè reve nou reekri listwa n Nou te pati rapè nou fini gèrye Le n te vle lapè yo di n e gè l ye Nou te pati rapè nou fini gèrye Paske aprè gè sa frè m s on lot gè l ye Nou livre konba, sikatris yo ret sou po n Se pou nou avan tou, men gen rèv kèk lòt nou pot sou do n Se pou Hannah pou Derlie, la fin an poko prè Se pou ide’n pou menm sa mwen avè’n poko frè Pou sa k te pote n nan kè yo, nan kas yo Pou Evazyon Mizik, Powèt Revòlte, Pou Castro Pou Taty Manotte, chak grenn zantray ki nan fanmi an Abraham, map di Pòdpè mèsi pou zanmi an Pou D-FI Nation, gras ak nou m ka di m atis Filip, À L'Infini, Stan nou aprann mwen sa k sakrifis Tout sak tonbe pandan se mwenk te bite Tout frè tout jèm, pou tout pitit imakile Pou posterite a, Pou kilti a Pou Constant, Nitro, pou Pasa, pou Itiya Se pou l’avni pou tout sakap rete Se pou tout sa nap chwazi kenbe e tout sa nap jete