M vin pale’w de pè pale’w de rezistans thug man Tous pou 2, 2 pou 1 rézistans love man Powèt depi sou ban lekòl Revòlte d’pi nan zantray Solid kou poto fè wi’n konn ekzistans chòk man Gen lòt kap fòse nou sa’n genyen a e sa ki don Sèlman vizyon yo twò gran pou’n te redwi’n a sak pi bon Yo panse fè’l ego’n pa touché a 10% Malgre yo wè’n kenbe ekilib la men sa yo di souvan Oh D-Fi pa konn rap KenFS pi fò pase misye Men pou mwen D-Fi se fucking legende generation’m nan Nan rap D-Fi king D-Fi this D-Fi Nation Nou konn point’d vue’m koulyea, pe la dosye klase mesye Royaume nan pataje menm si’n pa gen menm koulwa Nou ka pa gen menm aderan men kwè’m nou gen menm pouvwa Nap regné konsa et ceci pou kèk tan ankò 1+1 egal 2 wa vin jape’n siw ret kèk dan ankò A chak MC istwa l Gen plas pou nou tout Fuck top yo A chak fanatik lis pa l Ou vle konnen, apre Kendy m pa gen lòt îcone Ti nèg pòdpè a, reskape a jodi a ki vin GOAT M grandi nan on epòk ki Detui art pou glorifye ridikil san m pa ofanse Pòlki Men Gen twòp vid M p ap suiv kouran an, yo di m C'est en faisant n'importe quoi qu'on devient n'importe qui M ret entèg nèg Men m wè lòt vle etenn frè l Nan vye bif jis pou fè plezi a entènèt Hit pa etènèl klasik shit Ken Def Fuck game yo a n pa respekte kenn règ Pa klase m, m gen on pye m nan chak school yo Si ou ap rakonte istwa m se pou di m te pase kaka sou yo Chak MC gen kalib pa li, bay seza sa ki pa li Nou ba ou on remake Mos Def and Talib Kweli