M’grandi nan yon system ki te toujou conformisme Te konn exije’m yon ligne de conduite Te toujou plen formule Yo te konn di manmanm Rale zòrèy ti gason’w lan pou’l konfòme’l M’te chwazi rap ki se desten’m Pantalon’m sou bouda Gwo bòt timberland, m’te konn ap bay fashion sou boulvaa M’pase gwo lekòl, m’pase gran lekòl Fè tapaj nan klas, m’te konn kraze ban lekol Nan fè woul, fimen bòz Lè m’fristal tizè make noise pou mwen M’te konn pull up nan makrel ak inifòm sou mwen Rele Avé Maria, se pitit Marie a Avèk track li k’ap lave lari a My shit is sick tankou yon lafyev malaria Vibrasyon’m toujou hot, ou tap wel si’w gon thermomètre Swagg mwen diferan, tout mayo’m yo gen turte neck Yeah, nèg yo panse yo ka pi fre pase’m Lè m’te piti ak sentiwon Gucci wi papa’m te konn kale’m What up 7TS good looking for this beat man DiasporapVolume2 nigga This is my story man Who would had tought that I would make it this far? Nobody M’te di’n les bons vins restent en France M’te fè O2 ak Jejujam (Fòkòyò) Sel nèg k’aprann mwen rap Street te chofe ak pwezi pa’n N’tap fel an intellect e gwo koze avek Three-I (Cly) Fristal 7 O’clock Matisan 7 anba pye lila a (Jah Poyo) Rue Nemours, Martissant 15 m’sonje studio kay Sèjan Big up Lafyèv ak Jeffy D, si m’ka ap rap jodi GBL te trase wout la Nèg yo te trèt mwen nan hood la (what up Kèkè) Pat vle m’gen kontwol block Mizik mwen kite koridò li pran granri (what up Kranp) They couldn’t stop my destiny (Dodo) Haters pat ka chanje mood la (My nigga Jeff) M’te gon duo ak 47 tou (you17) Rap te cho, m’te mete’l nan asyèt ou True story Cliowen lyric prototype M’te pwomèt wi man B.O.B mete’m nan business (thank you) Antanke frem li envesti pou kominote’m wèm pi big Video’m nan TV M’komanse ap jwenn kèk gig (What up Pidji) M’vin ap flanbe fanm m’te ka imajine nan dream M’kraze peyi a ak Mòpyon Domaj m’pati m’pat gentan jwi’l Album BESE’W PRAN’M kay Dice M’te finil m’pat soti’l Sorry VolttaOne pou tout lòt beat yo m’pat ko kill Ou konn lavi New York Game nan chanje, this shit is real Rap mwen pran yon lòt direksyon M’vin ap rakonte sa m’ap viv Sujet ‘m yo chanje, I'm all about the dollar bill Nèg yo panse m’mbliye rap Men son lòt pèsonaj map build (Jdkey) Par contre lè m’sou cypher Ak ansyen Cliowen nan m’ kill yo Yeah Pou’m pwouve m’se Greatest Of All Time E pa yon cousine mwen m’te konyen non man I'm the goat nigga M’son talan konfime, I'm the goat nigga Cliowen lyric prototype The legacy lives on