Nan vi an, nou tout konfwonte difikilte, pwoblèm Difisil se pwogrè’n souvan defisi se pwojè’n Si n’kilbite son prèv pou’n wè efò n’gen pou’n fè Pou’n atenn objektif nou nan dimansyon ke nou vle’l Pafwa se mwen, pafwa se ou, pafwa se li M’pap fwase ou, pa fwase li Men se nou tout Ki konn ap viv ak sikatris yon echec Nan panse’n se ret yon myth Sa menm konn nwi’n Dèfwa n’fon nwit nap kalkile Konbyen okazyon n’rate Konbyen chans yo pa ofri’n Konbyen pakou n’gen pou’n fè Cependant, nou la toujou pa gen porte de sortie Malgré nou lite Malgré n’milité Nou still limite Pa gen posiblite (woo) Ou devwe tou man Ou devye ou fou Ou ap penyen lage poutan ou reve chou Cuz depiw fèt w’ap viv yon vi vye rel E lè ou panse’w nan yon kochma Poutan ou nan yon vi reel Men se jou pa’w la ki poko rive Se koli pa’w la k’poko delivre Menmlè’w avni’w menase Siksè nan figi’w, gen pou li pete kon abse Met règ nan jwèt ou Ret bad nan fyèf ou Met prensip ak disiplin Aktivite opsyon be careful Wo yeah ay yeah Anh wo oh Hey yeah, hey yeah Nou bite pandan n’ap pran souf Je’n ap gade somè Wi se vre lè’l fè nwa l’pral jou Je’n pral gade solèy Nou gon fòs nou pa wè Se pa blan nou pran pou sovè’n Blood, sweat and tears Anpil haine nou subi pou koulè’n Original black nubian M’ka ale nan mitan batay Tankou m’te Bookman Nan bitay, nan batnay Feray kwaze’m nan koze listwa’l Youn se konesans ki reflete’m Nan koze vwal Ki vwale’m nan koze miwa’l Lonbray reyalite Bilal Louvri my 3rd eye Nan fetay kay, nan mi kay loray Zantray Pyem, kase nan swiv tras loray Poto pote bay, Listwa’l nan panse lakay Jamè wè’m nan lonbray loksidan sal Ki te gen foli pase lakay pase’m nan tray Lamiral tanmen pale langay tankou’l te yon black antranzay kap transmay Pou’m twouve limyè ak enèji fè nwè ak Èzili trennen m nan yon vale Kote sans ak kò pale lespri Nan bouch Agwey Nan bouch Agwey dlo dous sale lespri nan bouchi Kote brav brave danje Nan mitan lespri mache drèt pa maji Kidonk pa mandem swiv ni fè maji Legba pote dra’l pou l kouvri Po lavni Anfas pasyon pastan drapo lavi Nan swiv tras pasyon pastan abvi nan panse lavi Rap trennen m sou chimen lasyans San lisans kenn Fac yo di m pote limyè nan linivè San m’pa site kenn fag man Wo yeah ay yeah Anh wo oh Hey yeah, hey yeah Nou bite pandan n’ap pran souf Je’n ap gade somè Wi se vre lè’l fè nwa l’pral jou Je’n pral gade solèy Nou gon fòs nou pa wè Se pa blan nou pran pou sovè’n Blood, sweat and tears Anpil haine nou subi pou koulè’n