Yo banou anpil pataswel Au grand jamais se pa ta souhait’ n Yo aprann nou renmen Cesar pa aprann nou Aimer Cesaire Peyi’m vecu peyi’m subi Peyi’m (hum) gen peripesi Peyi’m gen remed pou malad, peyi’m tou geri blesi Nou se pitit tèt ki pwav (pwav) , pitit pèp ki brav (brav) Pitit tèt gridap mwen menm avèw nou gen menm fas Li lè li tan poun konn valè’n e pou nou konn kapasite’n Tout sa’n tande yo se fo film, sa yo di yo paka fristre’n Depi’w se Ayisyen figi’w kenbe eskanp lan Toussaint, Dessalines, Capois deja yo te trase egzanp lan Konbyen nan nou kap swiv egzanp sa Konbyen nan nou’k pratike sans saa Konbyen nan nou kap lite’k konn sa Konbyen nan nou’k konn li’k defann sa Yo te mèt pale, paleee Yo met radote, radoteeee Di tout sa yo vle, Ayisyen reprezante (woy) Yo te mèt pale, paleee Yo met radote, radoteeee Di tout sa yo vle, Ayisyen reprezante (woy) Gade pèchè latè, zoe yo pap ka gratè Pale yo, di yo nap vini vin lave lhr a woyy Gade pèchè latè, zoe yo pap ka gratè Pale yo, di yo nap vini vin lave lhr a woyy Ann leve men’n pou konbit sa Mete brain pou’l fè plis pwa Mete grenn ann leve pye’n pou nou fè valè peyi sa Sikonstans pa fèt pou efase pakèt sak te pase Si’n pran san’n pou’n repanse n’ap wè valè sa’k deplase Nou se fyète tout yon kontinan, lè sa pa bon fò’n konn di non Fò’n pa kite chagren nan nou ap fin etenn chak grenn nan nou Chak grenn nan nou, sak gen lanmou dwe pataje’l Pou’n fè yo wè sa’k byen nan nou konsa na soti nan grangou Toupiti nou boukle lesklavaj Nou montre ke n’kapab Nou montre ke n’pat krab Nou montre ke n’valab Sou yon pakèt kolonn rasis ki te fè coloniaslism Yo pran nou pou bouki jis paske yo konnen yo malis Yo te mèt pale, paleee Yo met radote, radoteeee Di tout sa yo vle, Ayisyen reprezante (woy) Yo te mèt pale, paleee Yo met radote, radoteeee Di tout sa yo vle, Ayisyen reprezante (woy) Gade pèchè latè, zoe yo pap ka gratè Pale yo, di yo nap vini vin lave lhr a woyy Gade pèchè latè, zoe yo pap ka gratè Pale yo, di yo nap vini vin lave lhr a woyy Yo dèyè vin redui nou en cendres Yo bliye si n’redi pou’n ansanm (yo pa saj) Ale di yo se nou’k te fè 1804 (yeah) Kelkeswa kwen ou ye depiw black fò’w konn istwa’n Mwen vini fè’n sonje metye’n menmlè m’konnen nou vann zouti nou Pinga n’rejte vodou paske’l fè pati de kilti nou (ayibobo) Linyon va di yo sa nou ye sou latè Pouki n’pa di yo nap rive nou pa pè Kelkeswa jan’l ye n’ap lite pou sa n’prè Heyy n’ap Lave lè a (lave) lave lave lè a (ayisyen) Lave lè a (lave) lave lave lè a (woy) Lave lè a (lave) lave lave lè a Ayisyen nou ye premye pèp libere Heyy n’ap Lave lè a (lave) lave lave lè a (ayisyen) Lave lè a (lave) lave lave lè a (woy) Lave lè a (lave) lave lave lè a Ayisyen nou ye listwa se nou’k kreyel Woooy woooy lave lè a (hey), lave lave lè a (oulala) Lave lave lave lè (oulalala) Lave lè a, lave, lave lè a