Sa nou fè n’ap peye Ki kalite lè n’ap respire Ban’m rele manman Jouk tan’oun moun reponn mwen Lafumen ap monte nan tèt mwen Bagay la gate, dechè ap monte Synthèse aromatisée kisa n’ap manje Mezanmi! Y ap chèche’oun kote ki soudevlope Yo san responsablite, nou tout’ pwal peye Mezanmi! Sa nou fè manman n’ap peye Sa y’ap fè pote ba’n manje!!! Couche d’ozone nan krake Pol yo rechofe n’ap inonde Co2 manman Pollution anraje Hormone nan tout’ sa n’ap manje Kisa y’ap kreye kisa y’ap klone Ogm kansè bare’w, se manje’m, m’ap manje’w Mezanmi! Kisa y’ap chèche, ki kote’n pwale La science dwe ede’n vanse, pa ede’n krake Mezanmi!