Syèl la fache, genóun lapli’k pral tonbe Inondasyon, dyòl peyi’m nan mare Timoun yo grangou, grèv, kawoutchou Livi chè tout’pou nou Anndan nous sal, zonbi pete sou nou Veye kidnapè, zenglendo pase Bandi legal, vòlè se otorite Lilianne di pa gen bon nouvèl Peyi’m nan s’oun kote Tèt ansanm ak inite pa rete Cheri ou la Chimè’m kaba Ou s’oun oasis nan dezè Sahara Pwoche’m konsa Souri’m konsa An’n fè lanmou tanmen nan kè Ayiti Toma Syèl la fache, moun anba yo mele Dlo pral desann, kote yo pral kache? Twou egou, rigòl, zòrèy bouche Ki kote nou tande? Nou tout koupab, Ayiti aprale Syèl la fache ansasen yo lage Twòp san koule, li lè pout tètkole Se lanmou sèl ki ka sove Anba male pandye Cheri vini, souri, m’a soulaje