M’ouvri radyo’m pou’m konn sa k’ap pase Lib tribun yon peyizan k’ap pale Wi mesye se vre m’pa yon save S’oun peyizan mwen ye men m’ka di sa m’panse M’pat al lekòl, m’pa konn pale franse Men pitit mwen pap pase sa m’andire Se sa’k fè m’pa janm pè brave danje Lekòl nan bouk la mesye se sa m’vinn mande Dechoukay pran’m nan lari sèt janvye Matisan m’rankontre’oun bann dechouke Manchèt, baton, galèt, pèp la pap jwe Fèt atansyon monchè gad jan ti pyè pase Moun kouvri’m machinn sa fò’n fouye’l M’soti tèt mwen pou’m mande sa’k pase Gen’oun moun ki di mesye pa gen danje Se beethova lage’l nou mèt kite’l ale An’n sispann manje manje bliye An’n sispann pran kou nan men sanzave Bay kou bliye men pote mak sonje Sonje sa’k fèt jodi rann demen san danje Y’a sispann fè’n pran dakoun pou swa Fè’n bay lapure san’n pa manje pwa Sonje ekri sa nan papye listwa