Kilès ki ka kritike’m! Di’m kilès ki bon pase’m! Mwen konn moun ki gen dwa sa Li pa rete isi ba Pa koupe zèb anba pye’m Anyen pa ka anpeche’m Anpeche’m fè kòm sa dwa Misyon pa’m nan sou tè sa Nou chak gen sa pou nou fè Louvri je’n pou nou wè limyè Pa chèche sa’w vini fè Gade nan kè w wa va wè Talan’w genyen pou’w sèvi Misyon ke’w vinn akonpli Don pa’m se li k ap gide m Se touche kè nan chante’m Pote lapè ak la jwa Jouk tan nou kriye viktwa Men nou tout gen menm wòl la Fè lanmou klere je’n pou’n ka jwen limyè