An’n pran men timoun k’ap grandi An’n kouve lespwa Ayiti Kote’k vle chanjman, toujou gen touman Nou tranble, nou tonbe, nou rete vanyan Kenbe men nou montre’n mache Demen dlo’n va koule pi fre San met dozado Jn Jacques ak Petion An’n fe yon sel pou’n konnen liberasyon An’n pran chimen devlopman An’n swiv sa k’ap gad devan Men nan lamen, pa pè anyen Di yo nou se Ayisyen Tounen gadyen k’ap veye Ki ponya k’ap negosye Renmen fanmi, renmen zanmi An nou renmen Ayiti Si nou vle chanje peyi nou Chanjman dwe kòmanse sou nou Se pa tout’sa y’ap bay nou dwe aksepte Konesans, konpetans, bare l'inyorans Pou chimen lekòl la rive Toupatou kote nou rete Pa tann sa k’ap bay, an nou separe Genyen pou tout kote’k gen lacharite