Mwen nan dømi
M wè'm nan yon peyi
Kote rayisman pouse
Divizyon sèl pran pye

Mwen wè foumi
M'wè malfini
Mawoka move cheni
Manje tout sa'k plante
Dife pran nan kan'n pou anyen
Ayisyen goumen pou anyen
Peyi ap pitit li pran lavi'l nan men

Pye lamitye sispann ponmen
Move zèb leve nan tout kwen
N'ap pran chimen lanmo
San lanmo pa donnen

M'anvi leveeee
Rèv sa two lou pou'm pote
Anndan'm ap dechireee
M'anvi'n leveeeee
Pran kon lanbi'n pou'n soufle
Rasanbleman n'mandeeee

Yon kavalye
Byen abiye
Di'm tonnè kote'w te ye
Wa'l di yo sa pou mwen

Dènye mesaj
Ke m'ap voye
Ayiti tè libète nan fratènite

Li di mwen anyen'n pap mache
Toutotan n'pa gen tèt kole
Se linite ki fè peyi sa a ekziste

Li di mwen fo'n sispann goumen
Fo'n leve pou nou wè pi lwen
Peyi a ap tan'n pitit li pran lavi'l an men
Lè wa leveeee
Met drapo blan tout kote
Se lapè m'ap mandeeee
M'anvi n'leve
Pran ko'n lanbi'n pou'n soufle
Rasanbleman n'mandeee
Lè waaa leveeee
Met drapo blan tout kote
Se lapè m'ap mandeeee
M'anvi'n leveee
    Page 1 / 1

    Lyrics and title
    Chords and artist

    reset settings
    OK