Ayisyen nou mele Yon klas politik degrenngòch k'ap mache tèt anba Yo bliye deviz la, divize se mo dòd la Nou pran nan pa konprann, nan pikan kwenna Fòk nou sispann bwè pwa Nou mele Si n pa veye degrenngòch n'ap mache tèt anba An n eduke pèp la, montre l sa k rele vòt la Lè w'ap chwazi fò w pa fè l konsa, konsa Pou pa pran nan mera A 1% ou di ke w lidè pèp la Padon m'pa konprann kalkul matematik la Si m manti n'mèt al mande fanm yo la Mesye a 1% nou pa la La jeunesse ap rele Ouve zòrey nou pou n tande son k nan lari a Nou maspinen lespwa l Li gaye, li pèdi vwa l Li lè mesye pou nou vinn fè mea culpa Sinon plas nou pa la Ah si m te rele Beethova Obas Mwen ta bat chalbari dèyè tout avadra Si m t'ap fè politik, mwen ta di sa Mesye bliye chèz la, al nan sena a Oubyen al fè sinema Ah sa k fè m mal la, m'paka di n, li la Pi devan m'pral konn si sa m tande a se sa Men an pasan kite mwen di nou sa Se sou teren a pou n make gòl la Pou n bare gòl la Make gòl la Ansanm n'ap make gòl la