Yon ti moun ki nan lari Fasil demen sòti Yon danje, yon ka pèdi Ti moun yo Se piti’n piti men nou pa pitimi Demen lè’n grandi se nou k’ap ranplase’w papi Ou byen wè’n piti, pa abize’n tanpri Pa gen peyi san yo, prepare yo Se kreyòl mwen pale Yon pi gran met zam nan men yo Yon lòt met fumen nan nen yo Men ti baka pran lari Ti moun yo Se pa sa n’anvi, men nou dwe obeyi Wete’n nan lari se pa kote timoun grandi Levasyon tchovi, se levasyon peyi Pa gen peyi san yo, prepare yo Se kreyòl mwen pale y’a rele Ti moun yo Nanou ninone (2 fwa) Nanou nino Sa’k lijanboje ki pa vle chanje Y’a jwen sa yo vle Se kreyòl yo pale Jodi timoun yo nan men nou Demen gran moun nou nan men yo An nou prepare yo Pa gen peyi san yo, prepare yo Se kreyòl mwen pale y’a rele