Chak fwa’w vinn wè’m, s’oun evenman w’anonse’m
Si’m pa sou menm, ou di’m sou ki twotwa pou’m mache
Demèt pa demèt, dlo lapli toujou jwen wout pou’l pase
Yo pa ka kontre’m, wout mwen déjà trase
Manman, papa se poto mitan lafanmi
Lè’w pèdi youn, se lòt la’k pran chay la sou do li
Li rele, l’reponn, li pa wè pèsonn, li te toujou di
Ledukasyon se bousòl lavi
Bravo Manman
Pou tout sa’w fè
Bravo Manman

Manman sa’k ta di’n sa’k pwal pase pi devan
Sou wout la, n’ap kontinye vanse
Dòmi pran Manno frè’m, pandan’l sou volan
Li tande vwa Manman’l ki di’l mete sentu’l
Li pa fè tèt du, fwa sa l’obeyi, san grate tèt li
Rive pi devan, frè’m nan fè aksidan
M’ap pwofite salue Man Lyse ak Sito
Musyeu pap dòmi si’l pa di Manman’l yon ti mo
M’pa konn sa’m ta bay pou’m ta jwe pou Manman’m jounen jodi
Si’w gen Manman, bat bravo pou li
    Page 1 / 1

    Lyrics and title
    Chords and artist

    reset settings
    OK