Renmen nou renmen Bedjine Va-t'en bébé Renmen nou renmen Paske m renmen w m konn kache sa ou fè mwen Tèlman m renmen w ou fè m gache tout rèv mwen Men c'est assez w pap jwenn mwen ankò pou w vin kalote mwen Tan w nan pase, w pap jwenn mwen ankò pou w vin galope mwen Kounya m ap pran lavi m an men M pap kite bonè m trennen Dabò si m pa renmen tèt mwen Kiyès ki pral renmen l pou mwen Se marye nou marye marye marye Se pa mare m mare mare Se renmen nou renmen, m pa ret avè w Se renmen nou renmen, m pa ret avè w Va t'en bébé, bébé, va t'en bébé Va t'en bébé, bébé, va t'en bébé Lè ou antre w pa pote Men tout sa w genyen w vin lote Kijan de gason ke w ye Tout kòb ou pou w banboche Ou pa janm la pou w kenbe m lè m santi m vle bite, non Ou frape m maltrete m lè n gen kont si m replike, non non non non Pou jan m viv avè w se pa sa mwen merite M mèt soufri men w pap jwenn mwen ankò pou w denigre m Men c'est assez tan w pase m pap la ankò pou w vin galote m Ou pap jwenn mwen ankò Se renmen nou renmen, m pa ret avè w Se renmen nou renmen, m pa ret avè w Va t'en bébé, bébé, va t'en bébé Va t'en bébé, bébé, va t'en bébé M te chwazi rete avè w malgrem pat ere M te panse ou te ka chanje Finalman m reyalize se tan k tap pase Cette fois c'est assez Va-t'en, va-t'en bébé Va-t'en bé-, va-t'en bé-, va-t'en bébé, va-t'en Va-t'en bé-, va-t'en bé-, va-t'en bébé, va-t'en Va-t'en bé-, va-t'en bé-, va-t'en bébé, humm eye Va-t'en bébé, va-t'en bébé, va-t'en, va-t'en Se renmen nou renmen, m pa ret avè w Se renmen nou renmen, m pa ret avè w Va t'en bébé, bébé, va t'en bébé Va t'en bébé, bébé, va t'en bébé